Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Nonb 26:65 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

65 Paske, SENYÈ a te di a yo menm: “Yo va, anverite, mouri nan dezè a.” Epi pa menm youn nan yo te rete, sof ke Caleb, fis a Jephaunné a avèk Josué, fis a Nun nan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

65 Paske Senyè a te di yo tout gen pou mouri nan dezè a. Yo tout te mouri vre, esèpte Kaleb, pitit gason Jefoune a ak Jozye, pitit gason Noun lan.

Gade chapit la Kopi




Nonb 26:65
20 Referans Kwoze  

Men Josué, fis Nun nan ak Caleb, fis a Jephaunné a te rete vivan pami sila ki te ale fè espyonaj peyi a.


Konsa, byen gade bonte ak severite Bondye a. Anvè sila ki tonbe yo, severite, men pou ou menm, bonte Li, si ou kontinye nan bonte Li. Otreman, l ap retire ou tou.


Mwen, SENYÈ a te pale. Se vrèman sa Mwen va fè a tout kongregasyon mechan sila ki rasanble kont Mwen an. Nan dezè sa a, yo va vin detwi, e la yo va mouri.”


Koulye a, mwen vle fè nou sonje, malgre ke nou deja konnen tout bagay yo nèt, ke Senyè a apre Li te delivre yon pèp sòti nan Égypte, apre te detwi tout sa yo ki pa t kwè.


Alò, fis Israël yo te vwayaje soti nan Ramsès rive Succoth, anviwon sis-san-mil òm apye, san kontwole timoun.


“SENYÈ a te pale avèk Moïse, e te di:


“‘Men pou nou menm, kadav nou va tonbe nan dezè sila a.


“Papa nou te mouri nan dezè a. Malgre sa, li pa t pami konpanyen a sila ki te rasanble yo menm kont SENYÈ a nan konpanyen a Koré yo, men li te mouri nan pwòp peche pa li. E li pa t gen fis.


“Sila yo se non a mesye sa yo: nan tribi Juda a, Caleb, fis a Jephaunné a.


Sof ke Caleb, fis a Jephunné a. Li va wè li. A li menm avèk fis li yo Mwen va bay peyi kote li te mete pye li akoz li te swiv SENYÈ a nèt.’


Men rezon pou sila Josué te sikonsi yo a: tout pèp la ki te sòti an Égypte nan gason yo, tout mesye lagè yo, te mouri nan dezè a nan wout lè yo fin kite Égypte.


Konsa, malfektè yo va koupe retire nèt, men sila k ap tann SENYÈ yo, va vin genyen peyi a kon eritaj yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite