Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Nonb 25:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Pandan Israël te rete nan Sittim, pèp la te kòmanse pwostitiye tèt yo avèk fi Moab yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Pèp Izrayèl la vin moute tant li nan tout Chitim. Lè sa a, mesye yo tanmen lage kò yo nan vagabonday ak fanm peyi Mowab yo.

Gade chapit la Kopi




Nonb 25:1
22 Referans Kwoze  

Osi, li te kraze kay mal pwostitiye sakre ki te lakay SENYÈ a, kote fanm t ap trese bagay yo kwoke pou Astarté yo.


Yo te vin jwenn yo menm, anplis, ak Baal-Peor, pou manje sakrifis ki te ofri a mò yo.


Nenpòt moun ki kouche avèk yon bèt, va asireman mete a lanmò.


“Pa fè yon akò avèk abitan yo nan peyi a, sòf ke yo ta jwe yon wòl kòm pwostitiye avèk dye pa yo, fè sakrifis a dye pa yo, e yon moun ta kab envite nou pou nou manje nan sakrifis li.


Epi mwen te dekouvri pi anmè pase mouri, kè a fanm ki fè pèlen an. Men li yo se tankou chenn. Yon moun ki plè Bondye va chape anba men l, men pechè a va vin kaptire anba l.


Menm jan an osi, tout Jwif ki te Moab yo, pami fis a Ammon nan Edom yo e ki te nan tout lòt peyi yo, te tande ke wa Babylone nan te kite yon retay pou Juda, e ke li te deziyen sou yo, Guedalia, fis a Achakim, fis a Schaphan an.


“‘“Men pitit yo te fè rebèl kont Mwen. Yo pa t mache nan règleman Mwen yo, ni yo pa t fè atansyon pou swiv òdonans Mwen yo, pa sila, si yon nonm swiv yo, li va viv la. Yo te pwofane Saba Mwen yo. Konsa, mwen te pran desizyon pou vide chalè kòlè Mwen sou yo, pou akonpli kòlè Mwen kont yo nan dezè a.


Mwen te twouve Israël tankou rezen yo nan dezè. Mwen te wè papa zansèt nou yo tankou premye fwi sou pye fig nan premye sezon li. Men yo te rive kote Baal-Peor; yo te konsakre tèt yo a gwo wont, e yo te vin abominab menm jan ak sila ke yo te renmen a.


Pèp mwen, sonje koulye a konsèy Balak, wa Moab la ak sa Balaam, fis a Beor a, te reponn li depi nan Sittim rive Guilgal, pou nou ta ka konnen zèv ladwati a SENYÈ a.”


“Se pou ou vin mechan avèk Madyanit yo, e frape yo;


Pran vanjans konplè pou fis Israël yo kont Madyanit yo. Apre, ou va rasanble anvè pèp ou a.


Yo te fè kan akote Jourdain an, soti nan Beth-Jeschimoth pou jis rive nan Abel-Sittim nan plèn a Moab yo.


yon towo, yon belye, yon mal mouton nan laj 1 nan, kòm yon ofrann brile;


Ni pou nou pa kite nou aji avèk imoralite, jan kèk nan yo te fè, e venn-twa-mil te tonbe nan yon sèl jou.


“Konsa, nou te rete nan vale a anfas Beth-Peor a.”


Sila ki te manje grès a sakrifis pa yo a, e ki te bwè diven a bwason pa yo a? Kite yo vin bannou sekou! Kite yo fè kote pou nou kache!


“Zye nou gen tan wè sa ke SENYÈ a te fè nan ka Baal-Peor a, paske tout moun ki te swiv Baal-Peor yo, SENYÈ a, Bondye nou an, te detwi yo nan mitan nou.


Epi Josué, fis a Nun nan, te voye de mesye kòm espyon an sekrè soti Sittim. Li te di: “Ale gade peyi a, sitou Jéricho.” Epi yo te ale e te antre lakay a yon pwostitiye ki te rele Rahab. Yo te dòmi la.


Èske inikite Peor a pa t sifi pou nou, nan sila nou poko pwòp jis rive jodi a, sepandan yon epidemi te vin parèt sou asanble SENYÈ a,


Josué te leve bonè nan maten. Li menm avèk tout fis Israël yo te kite Sittim pou te rive nan Jourdain an, e yo te fè kan avan yo te travèse.


“Men Mwen gen kèk bagay kont nou; paske nou gen la kèk moun ki kenbe nan ansèyman Balaam, ki te ansenye Balak pou mete yon wòch chite devan fis Israël yo, pou manje bagay ki te sakrifye a zidòl e komèt zak imoral.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite