Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Nonb 24:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Bondye mennen l sòti an Égypte. Li pou li tankou kòn a yon bèf mawon. Li va devore nasyon ki advèsè li yo. Li va kraze zo yo an mòso, Li va kraze yo avèk flèch li yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Bondye te mennen yo sòti kite peyi Lejip. Li te goumen pou yo tankou yon towo mawon. L'ap manje tout nasyon ki pa vle wè yo. L'ap kraze tout zo yo an miyèt moso. L'ap pèse yo pak an pak ak flèch li yo.

Gade chapit la Kopi




Nonb 24:8
18 Referans Kwoze  

Flèch Ou yo filè. Tout nasyon yo tonbe anba Ou, epi flèch Ou yo lantre nan kè lènmi a Wa a.


“Israël se yon bann moun kap kouri devan lachas lyon an te chase yo ale. Premye ki te devore li a se te wa Assyrie a, e dènye ki te kraze zo li yo se te Nebucadnetsar, wa Babylone nan.”


Ou va kase yo avèk yon baton fè, Ou va kraze yo tankou veso kanari.”


Gade byen, yon pèp ki leve tankou yon manman lyon, tankou yon lyon li leve li menm. Ni li p ap kouche jiskaske li fin devore viktim nan, pou l bwè san a sila li touye a.”


Bondye mennen yo sòti an Égypte. Li pou yo tankou kòn sou bèf mawon.


Sèlman, pa fè rebèl kont SENYÈ a; ni pa pè pèp peyi sa a, paske, nou va devore yo. Pwoteksyon yo ale, e SENYÈ a avèk nou. Pa pè yo.”


Paske gade byen, Mwen va leve fè parèt kont Babylone, yon gwo foul nasyon pwisan soti nan peyi nò a. Yo va rale lign batay yo kont li. Depi la, yo va vin an kaptivite. Flèch yo va tankou yon gèrye ekspè, ki pa janm retounen men vid.


Mwen te kalme nanm mwen jis rive nan maten. Tankou yon lyon—se konsa Li kraze tout zo m, soti lajounen jis rive lannwit, ou fè yon fen ak mwen.


Konsa, wa a te pase lòd pou yo te mennen mesye sila ki te aji ak movèz fwa, pou akize Daniel yo, e yo te jete yo menm, pitit yo ak madanm yo nan fòs lyon an. Konsa, yo pa t menm rive nan baz fòs la avan lyon yo te sezi yo e te kraze tout zo yo.


Paske Ou va fè yo vire do yo. Ou va pwente banza sou figi yo ak bon kontwòl.


M ap fè flèch Mwen yo vin sou ak san, e nepe Mwen va devore chè avèk san a mò yo ak kaptif yo, k ap sòti nan chèf a lènmi yo.’


Mwen va ogmante gwo pil malè sou yo. Mwen va depanse flèch Mwen sou yo.


“Lè SENYÈ a, Bondye nou an, mennen nou vini nan peyi kote nou ap antre pou posede a, e chase devan nou anpil lòt nasyon, Etyen yo, Gigachyen yo, Amoreyen yo, avèk Kanaaneyen yo, Perezit yo, Evyen yo, ak Jebizyen yo, sèt nasyon ki pi gran e ki pi pwisan ke nou yo;


Pèp la te pale kont Bondye ak Moïse: “Poukisa ou te mennen nou sòti an Égypte pou mouri nan dezè a? Paske nanpwen manje, ni dlo, e nou rayi move manje sila a.”


Li te rete la jiskaske Hérode te mouri. Sa te fèt pou akonpli sa Senyè a te pale pa pwofèt la pou li ta kapab akonpli lè l te di: “Pou soti an Égypte, Mwen te rele Fis Mwen an”.


Paske nou te tande jan SENYÈ a te fin seche dlo Lamè Wouj devan nou lè nou te sòti an Égypte la, ak sa nou te fè de wa Amoreyen ki te lòtbò Jourdain yo, a Sihon ak Og, ke nou te detwi nèt.


“Men si nou vrèman obeyi vwa li, e fè tout sa ke M pale nou yo, alò, Mwen va vin lènmi ak lènmi pa nou yo, e advèsè pou advèsè nou yo.


Twòn Ou, O SENYÈ, se pou tout tan e pou tout tan; Baton ladwati a se baton wayal a wayòm Ou an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite