Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Nonb 24:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

24 Men gwo bato yo va sòti nan kòt Kittim. Yo va pini Asiryen yo, yo va aflije Éber. Men li menm tou va vin detwi.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

24 Lè sa a, moun ap sòti lavil Kitim nan bato vin anvayi peyi a. Yo pral kraze peyi Lasiri ak lavil Babilòn. Men, ata moun Kitim yo gen pou disparèt nèt tou.

Gade chapit la Kopi




Nonb 24:24
24 Referans Kwoze  

Fis Javan yo te Elischa, Tarsis, Kittim, ak Dodanim.


Alò, yon moun ki te sove ale te vin di Abram, Ebre a, tout sa. Alò, li t ap viv bò kote chenn Mamré yo, Amoreyen sila a, frè Eschcol e frè Aner, ki te fè yon alyans avèk Abram.


Se konsa li va rive ke lè Senyè a fin akonpli tout travay Li yo sou Mòn Sion ak sou Jérusalem, Mwen va pini fwi a kè ògèy wa Assyrie a ak gwosè awogans li.


Malè a Assyrie, baton kòlè Mwen an, e zouti pou kòlè Mwen an.


Pwofesi konsènan Tyr a. Rele anmwey, O bato a Tarsis yo! Paske Tyr detwi e li vin rete san kay, ni pò. Rapò a rive kote yo soti nan peyi Chypre.


Ak chèn a Basan, yo te fè zaviwon ou yo. Ak ban ivwa, yo te koupe fè tras sou bwa siprè ki te fèt ak pye sèd ki te mennen sòti jis rive Kittim.


Konsa, li te di: “Èske ou pa konprann poukisa mwen te vin kote ou a? Men mwen va retounen koulye a, pou goumen kont prens a Perse la. Lè mwen ale, gade byen prens a Grèce la va vini.


Paske bato a Kittim yo va vini kont li. Akoz sa, li va vin gen chagren. Li va retounen byen anraje kont akò sen an, e li va aji. Konsa, li va retounen pran desizyon pou antann li ak sila ki vyole akò sen yo.


Li va fè monte tant a palè li a antre lanmè a ak Mòn Sen Laglwa a. Malgre sa, li va rive nan fen li e nanpwen moun k ap bay li soutyen.


Epi fè a, ajil la, bronz ak ajan an te vin kraze nan menm moman an e te vin tankou pay ki sòti sou glasi vannen nan gran sezon. Konsa, van te pote yo ale jiskaske yo pa t menm jwenn tras yo. Men wòch ki te frape estati a te vin fè yon gwo mòn, e te ranpli tout latè.


Jan ou te wè ke yon wòch te taye sòti sou yon mòn san sèvi ak men moun e ke li te kraze fè a, bwonz lan, ajil la, ajan an, ak lò a gran Bondye a te fè konnen a wa a sa ki va rive nan tan k ap vini an. Donk, rèv la vrè e entèpretasyon li fèt ak fidelite.”


Epi kabrit la se wayòm a Grèce la, e gran kòn antre zye li yo, se premye wa a.


Li te gade Amalec. Li te reprann diskou li e li te di: “Amalec se te premye nan nasyon yo, men lafen li pi lwen se destriksyon.”


Epi li te vin reprann diskou li. Li te di: “Ay, kilès ki ka viv lè Bondye fè sa a?


“Pou sa, kon pwofèt Daniel te pale a, lè nou wè abominasyon dezolasyon an ki te pale pa Daniel, pwofèt la, k ap kanpe nan lye sen an, (kite moun k ap li a konprann)


“Montre M yon kòb denye. Se pòtre avèk enskripsyon a kilès moun li genyen?” Yo te di: “César”.


“Si nou kite Li kontinye konsa, tout moun ap kwè nan Li, epi Women yo ap vin pran ni plas nou, ni nasyon nou.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite