Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Nonb 24:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Pou sa, kouri ale nan plas ou koulye a. Mwen te di ke mwen ta onore ou anpil, men gade byen, SENYÈ a te anpeche ou resevwa onè a.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Kounyeya, pito ou kouri al lakay ou, tande. Mwen te pwomèt pou m te fè anpil bèl bagay pou ou. Men, gade sa Senyè a fè ou: ou pèdi tout.

Gade chapit la Kopi




Nonb 24:11
10 Referans Kwoze  

paske vrèman, mwen va onore ou anpil. Mwen va fè nenpòt sa ou mande mwen. Alò, souple, vin modi pèp sa a pou mwen.’”


Epi Balak te di a Balaam: “Èske mwen pa t voye kote ou an ijans? Poukisa ou pa t vin kote mwen? Èske, vrèman, mwen pa kapab onore ou?”


Veye nou menm pou nou pa pèdi sa ke nou gen tan fin reyalize a, men pou nou resevwa tout rekonpans lan.


Anplis de sa, mwen konte tout bagay kòm pèt an konsiderasyon ak piwo valè ke m konnen Kris Jésus a, Senyè mwen an. Pou Sila mwen te soufri pèt tout bagay yo, e konte yo kòm fatra, pou m kapab genyen Kris.


Men Pierre te di li: “Ke lajan ou an peri avè w, paske ou te panse ke ou ta kapab vin genyen don Bondye a avèk lajan.


Konsa, kòlè Balak te brile kont Balaam. Li frape men l ansanm; epi li te di a Balaam: “Mwen te rele ou pou modi lènmi mwen yo, men gade, ou te pèsiste nan beni yo menm twa fwa sa yo!


Balaam te di a Balak: “Èske mwen pa t di mesaje ke ou te voye kote mwen yo:


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite