Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Nonb 22:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Men Bondye te fache akoz li t ap ale a. Konsa, zanj SENYÈ a te vin kanpe nan chemen an kòm yon advèsè kont li. Alò, li te monte sou bourik li, e de sèvitè li yo te avèk li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

22 Pati Balaram pati, Bondye fache sou li. Se konsa, antan Balaram taprale sou manman bourik li a, avèk de domestik ki t'ap mache avè l yo, zanj Senyè a vin kanpe nan mitan wout la pou bare chemen l.

Gade chapit la Kopi




Nonb 22:22
11 Referans Kwoze  

Jéhu te di: “Anonse yon fèt sen pou Baal.” Epi yo te anonse l.


“Gade byen, Mwen ap voye yon zanj devan nou pou pwoteje nou pandan nou nan chemen an, e pou mennen nou antre nan plas ke M te prepare pou nou an.


Alò li te vin rive ke nan plas lojman an sou wout la SENYÈ a te rankontre Moïse e Li te chache touye li.


Li te koube banza Li kon yon lènmi. Li te poze men dwat li konsi se yon advèsè. Konsa, Li te touye tout ki bèl pou gade. Nan tant a fi a Sion an, Li te vin vide gwo kòlè Li tankou dife.


Konsa, SENYÈ a te di li: “Bay li non Jizreel; paske deja nan yon ti tan mwen va vanje san a Jizreel sou lakay Jéhu. Epi sa va koze wayòm lakay Israël la fini.


Lè bourik la te wè zanj SENYÈ a ki te kanpe nan chemen an avèk nepe li parèt nan men l, bourik la te kite chemen an pou te antre nan chan an. Men Balaam te frape bourik la pou fè l retounen nan chemen an.


Zanj SENYÈ a te di li: “Poukisa ou te frape bourik ou a twa fwa sa yo? Gade byen, Mwen te parèt kòm yon advèsè, akoz direksyon pa w la te kont Mwen.


Men zanj SENYÈ a te di a Balaam: “Ale avèk mesye sa yo, men ou va pale, sèlman, pawòl ke Mwen di ou yo.” Konsa Balaam te ale avèk chèf Balak yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite