Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Nonb 21:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 SENYÈ a te voye sèpan dife pami pèp la. Yo te mòde pèp la, e anpil nan pèp Israël la te mouri.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Lè sa a, Senyè a voye yon bann ti sèpan sou pèp la. Kote sèpan sa yo mòde ou la boule kou dife. Yo mòde pèp la. Anpil moun te mouri.

Gade chapit la Kopi




Nonb 21:6
8 Referans Kwoze  

Ni nou pa pou tante Senyè a, jankèk nan yo te fè a, e yo te detwi pa sèpan yo.


“Paske gade byen, Mwen ap voye sèpan yo kont nou, vipè yo ki p ap ka chame; e yo va mòde nou,” deklare SENYÈ a.


Li te mennen nou nan gran dezè tèrib sa a, avèk sèpan pwazon ak eskòpyon, ak tè swaf kote ki pa t gen dlo. Li te fè dlo sòti pou nou nan wòch silèks la.


Pwofesi konsènan bèt nan dezè Midi yo. Atravè yon peyi gwo twoub ak gwo doulè, ladan ki sòti manman lyon ak lyon an, vipè ak sèpan volan an; yo pote gwo kantite byen yo sou do jenn bourik, e trezò yo sou do chamo, pou rive kote yon pèp ki pa kapab bay yo okenn avantaj.


Pa rejwi, O Peyi Filisten yo, nou tout, akoz baton ki te konn frape ou a fin kase. Soti nan rasin sèpan an, yon vipè va vin parèt, k ap fè kon fwi, yon sèpan k ap vole.


“Si Mwen te fè bèt sovaj pase nan peyi a, e li vin dezole jis pou pèsòn pa ta pase ladann akoz bèt yo,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite