Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Nonb 20:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Men lè nou te kriye fò bay SENYÈ a, Li te tande vwa nou. Li te voye yon zanj pou te mennen nou sòti an Égypte. Alò, gade byen, nou rive Kadès, yon vil nan fwontyè teritwa pa nou an.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 Lè nou wè sa, nou rele nan pye Senyè a. Li tande vwa nou, epi li voye zanj li, li fè nou sòti kite peyi Lejip sa a. Kounyeya, men nou Kadès, yon lavil ki toupre fontyè peyi ou la.

Gade chapit la Kopi




Nonb 20:16
14 Referans Kwoze  

Pandan Farawon t ap pwoche, fis Israël yo te gade, e vwala, Ejipsyen yo t ap mache dèyè yo. Yo te vin pè anpil, epi fis Israël yo te kriye fò bay SENYÈ a.


Zanj Bondye a ki t ap prale devan kan Israël la te vin deplase e te kanpe dèyè yo; epi pilye nwaj la te deplase kite devan yo, pou te kanpe dèyè yo.


“Gade byen, Mwen ap voye yon zanj devan nou pou pwoteje nou pandan nou nan chemen an, e pou mennen nou antre nan plas ke M te prepare pou nou an.


Mwen va voye yon zanj devan ou, e Mwen va mete Kananeyen yo deyò, Amoreyen yo, Evetyen yo, Ferezyen yo, Etyen yo, ak Jebisyen yo.


Anplis de sa, Mwen tande kri fis Israël yo, akoz Ejipsyen yo k ap kenbe yo nan esklavaj, e Mwen sonje akò Mwen an.”


Bondye mwen an te voye zanj li. Li te fèmen bouch a lyon yo e yo pa t fè m okenn mal, paske, mwen te twouve inosan devan l, e anplis, anvè ou menm, O wa a, mwen pa t fè okenn krim.”


ke zansèt nou yo te desann an Égypte, e ke nou te rete an Égypte pandan anpil tan, e ke Ejipsyen yo te maltrete nou anpil.


“Kite mwen pase nan peyi ou a. Nou p ap menm vire nan chan, oswa nan rezen yo. Nou p ap bwè dlo nan pwi yo. Nou va ale nan chemen Wa a jiskaske nou fin depase limit fwontyè pa w la.”


Yo te vwayaje soti nan Kadès pou te fè kan nan Mòn Hor, nan lizyè peyi Édom an.


Oswa èske yon dye te janm eseye pran pou li menm yon nasyon soti nan yon lòt nasyon pa eprèv, pa sign ak mirak avèk lagè, pa yon men pwisan, pa yon bwa lonje e pa gran bagay etonan, jan SENYÈ a, Bondye nou an, te fè pou nou an Égypte devan zye nou?


Paske Li te renmen zansèt nou yo; pou sa, Li te chwazi desandan apre yo. Epi Li menm, pou kont Li, Li te mennen nou sòti an Égypte avèk gran pouvwa Li,


Koulye a, tiraj osò a pou tribi fis a Juda yo selon fanmi pa yo te rive nan lizyè Édom an, desann nan sid pou rive nan dezè Tsin nan pwent ki plis nan sid la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite