Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Nonb 19:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Anplis, nenpòt bagay ke moun pa pwòp la touche, va vin pa pwòp. Moun ki touche li a, va vin pa pwòp jis rive nan aswè.’”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

22 Depi yon nonm ki pa nan kondisyon pou sèvi Bondye manyen yon bagay, moun ki nan kondisyon pou sèvi Bondye pa ka sèvi ak bagay sa a. Depi yon moun manyen yon bagay konsa, li menm tou, li p'ap nan kondisyon pou l sèvi Bondye jouk aswè rive.

Gade chapit la Kopi




Nonb 19:22
21 Referans Kwoze  

SENYÈ a osi te pale avèk Moïse avèk Aaron. Li te di yo:


Nenpòt moun ki touche nenpòt nan bagay ki te anba li va pa pwòp jis rive nan aswè, e sila ki pote yo a, va lave rad li, li va benyen avèk dlo e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.


“‘Menm jan an, nenpòt moun ke moun ekoulman an touche san ke li pa lave men l nan dlo, li va lave rad li, li va benyen nan dlo e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.


Nenpòt moun ki touche kabann li va lave rad li. Li va benyen nan dlo e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.


Nenpòt moun ki touche nenpòt bagay kote li chita va lave rad li. Li va benyen nan dlo e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.


Kit se sou kabann nan oswa sou bagay kote li chita, lè li touche li, li va pa pwòp jis rive nan aswè.


Menm jan an, nenpòt moun ki touche yo va vin pa pwòp. Li va lave rad yo, li va benyen nan dlo e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.


Nenpòt moun, anplis, ki touche kabann sa a va lave rad li, benyen nan dlo e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.


Nenpòt moun ki chita sou bagay kote nonm avèk ekoulman an te chita a, li va lave rad li, benyen nan dlo, e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.


“‘Osi, nenpòt moun ki touche moun avèk ekoulman an, li va lave rad li, li va benyen nan dlo e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.


“‘Oswa, si gason avèk ekoulman an krache sou yon moun ki pwòp, li osi va lave rad li, li va benyen nan dlo, e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.


oswa, si yon mesye vin touche nenpòt nan bèt ki trennen atè, oswa nenpòt moun ki fè l vin pa pwòp, nenpòt sa ki fè l pa pwòp;


ke yon moun ki touche nenpòt kalite bagay konsa va pa pwòp jis rive nan aswè, e li p ap kab patisipe nan manje nan bagay sen yo sof ke li benyen kò l nan dlo.


“‘Oubyen, si yon moun touche nenpòt bagay ki pa pwòp, kit se yon kadav bèt pa pwòp, kit se yon kadav bèf ki pa pwòp, kit se kadav yon desen bèt vivan ki pa pwòp, malgre ke sa ta kache de li pou li pa konnen, e li pa pwòp, alò li va koupab.


Oubyen, si li ta touche afè moun ki pa pwòp, nenpòt sa li ye ki fè l vin pa pwòp la, epi sa kache de li, e answit, li vin konn sa, li va koupab.


“‘Osi, chè ki touche yon bagay ki pa pwòp p ap manje. Li va brile avèk dife. Pou lòt chè, nenpòt moun ki pwòp kapab manje chè sa a.


Lè yon moun touche yon bagay ki pa pwòp, kit se bagay sal ki sòti nan moun, kit se yon bèt ki pa pwòp, kit se yon vye bagay sal, e manje chè sakrifis ofrann lapè ki apatyen a SENYÈ a, moun sa a va vin koupe retire de pèp li a.’”


Anplis, Aggée te mande: “Si yon moun ki pa pwòp akoz yon kadav, ta touche nenpòt bagay nan sa yo, èske moun sa va pa pwòp?” Prèt yo te reponn: “Yo va vin pa pwòp.”


Epi prèt la va lave vètman li yo, benyen kò li nan dlo, e apre, li va antre nan kan an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite