Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Nonb 18:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Sila a va pou nou, soti nan don pi sen pase tout lòt yo ki rezève soti nan dife a; tout ofrann pa yo, menm tout ofrann pa yo, tout ofrann sereyal, tout ofrann peche ak tout ofrann koupab ke yo rann ban Mwen yo, yo va sen pase tout lòt yo pou nou ak fis nou yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Nan ofrann yo mete apa nèt pou mwen yo, lè ou fin wete pòsyon pou boule nan dife a, tout rès la va pou nou: tout ofrann grenn ki donnen nan jaden, tout ofrann pou mande Bondye padon, tout ofrann pou repare sa yo fè ki mal. Tou sa yo ofri ban mwen tankou yon ofrann yo mete apa pou mwen, se pou ou ak pou pitit gason ou yo y'a ye.

Gade chapit la Kopi




Nonb 18:9
24 Referans Kwoze  

Alò, Hazaël, wa Syrie a, te monte goumen kont Gath e te kaptire li. Konsa, Hazaël te mete figi li vè Jérusalem.


epi pote lakay Bondye nou an, premye ne a fis nou yo ak bèf nou yo e premye ne nan bann mouton avèk twoupo nou yo, jan sa ekri nan lalwa a, pou prèt ki ap sèvi lakay Bondye nou an.


Konsa, li te di mwen: “Chanm nò yo ak chanm sid yo, ki anfas a kote apa a, yo se chanm sen kote prèt ki rapwoche de SENYÈ a va manje bagay ki sen pase tout lòt yo. La, yo va fè poze bagay pi sen yo, ofrann sereyal la, ofrann peche ak ofrann koupabilite a; paske kote sa a sen.


Yo va manje ofrann sereyal la, ofrann peche a, ak ofrann koupabilite; epi tout bagay ki konsakre an Israël va pou yo.


“Poukisa nou pa t manje ofrann peche ki nan lye sen an? Paske li sen pase tout, e Li te bannou li pou efase koupabilite asanble a, pou fè ekspiyasyon pou yo devan SENYÈ a.


Answit, li va touye jenn mouton an nan plas kote yo touye ofrann peche a ak ofrann brile a, nan plas kote sanktyè a—pou ofrann koupab la, tankou ofrann peche a, apatyen a prèt la. Li sen pase yo tout.


Rès ofrann sereyal la se pou Aaron avèk fis li yo; yon bagay ki sen pase tout, nan ofrann bay SENYÈ a pa dife yo.


Men si yon prèt achte yon esklav kòm pwòp byen pa li, avèk pwòp lajan pa li, sila a kapab manje nan li, e sila ki te ne nan kay li yo kapab manje manje li.


Men lè solèy la kouche, li va pwòp. Konsa, apre, li ka manje nan bagay sen yo, paske se manje li.


“‘Lè yon dirijan fè peche, e san movèz entansyon vin fè nenpòt nan bagay ke SENYÈ a, Bondye te kòmande pou li pa fè yo, e li vin koupab,


“‘Alò, si nenpòt moun pami pèp òdinè a peche san movèz entansyon nan fè nenpòt nan bagay ke SENYÈ a te kòmande pou pa fè yo, e li vin koupab,


“‘Alò, si yon moun peche lè l rele pou fè temwayaj tribinal kòn yon temwen, konsènan si li te wè oubyen otreman vin konnen yon bagay, si li pa pale sa, alò, li va pote koupabilite pa li.


Li va osi pote ofrann koupabilite li a bay SENYÈ a pou peche ke li te komèt la: yon femèl ki sòti nan bann bèt la, yon jenn mouton, oswa yon kabrit kòm yon ofrann peche. Konsa prèt la va fè ekspyasyon nan non li pou peche li a.


Li p ap boukannen avèk ledven. Mwen te bay li kòm pòsyon pa yo nan ofrann pa M pa dife a. Li pi sen pase tout, kòm ofrann peche ak ofrann koupabilite a.


Alò, SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di:


Men okenn ofrann peche ki te gen san ki te pote antre nan tant asanble a pou fè ekspiyasyon nan lye sen an p ap manje. Li va brile avèk dife.


“‘Alò sa se lalwa ofrann koupabilite a: li pi sen pase tout.


Chak mal pami prèt yo kapab manje li. Li pi sen pase tout.


“‘Ofrann koupabilite a se tankou ofrann peche a, se yon sèl lwa pou yo. Prèt ki fè ekspiyasyon avèk li a va genyen li.


Kòm don ki sen pase tout lòt yo, nou va manje l. Tout gason va manje li. Li va sen pou nou menm.


“Prèt Levit yo, tout tribi Lévi a, pa pou gen pati oswa eritaj avèk Israël. Yo va manje ofrann pa dife SENYÈ a ki se pati pa Li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite