Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Nonb 18:32 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

32 Nou p ap pote peche akoz li, lè nou fin ofri meyè pati a. Men nou pa pou degrade bagay sakre a fis Israël yo; sinon, nou va mouri.’”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

32 Depi nou ofri sa ki pi bon an bay Senyè a, nou mèt manje rès la san kè sote, anyen p'ap rive nou. Piga nou derespekte bagay moun pèp Izrayèl yo mete apa pou mwen. Si nou fè sa, n'ap mouri.

Gade chapit la Kopi




Nonb 18:32
10 Referans Kwoze  

Yo va sou Aaron avèk fis li yo lè y ap antre nan tant reyinyon an, oswa lè y ap pwoche lotèl la pou fè sèvis nan lye sen an, pou yo pa atire koupabilite, e mouri. “Sa va yon règleman pou tout tan pou li, e pou desandan apre li yo.”


Tout sila ki manje li yo, va pote inikite li, paske li te degrade bagay sen SENYÈ a. Konsa, moun sa a va koupe retire de pèp li a.


Di Aaron avèk fis li yo pou separe yo de bagay sen ki pou fis Israël yo, ke yo dedye kon sen de Mwen yo, epi pou yo pa derespekte non sen Mwen an. Mwen se SENYÈ a.


N ap ofri pen ki souye sou lotèl Mwen an. Men nou di: ‘Nan kisa nou te souye Ou a?’ Nan sa, n ap di: ‘Tab SENYÈ a meprizab.’


Fis a Israël pa pou pwoche tant asanble a ankò; sinon, yo va pote peche e yo va mouri.


Nou gen dwa manje l nenpòt kote, nou menm avèk lakay nou, paske se pèyman nou an echanj pou sèvis nou nan tant asanble a.


Senyè a te pale ak Moïse avèk Aaron e te di:


Konsa, nenpòt moun ki manje pen an oubyen bwè tas Senyè a nan yon fason ki pa dign, va koupab de kò ak san Senyè a.


Paske sila ki manje e ki bwè nan yon jan ke li pa merite, manje e bwè jijman sou tèt li si li pa byen jije kò Senyè a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite