Nonb 18:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen19 Tout ofrann a don sen yo, ke fis Israël yo ofri bay SENYÈ a, Mwen te bannou yo, avèk fis ou yo ak fi ou yo ki avèk ou, kòm yon dwa ki pou tout tan. Li se yon kontra disèl devan SENYÈ a avèk ou avèk desandan ou yo avèk ou.” Gade chapit la1998 Haïtienne19 M'ap ba ou pou ou menm, pou pitit gason ak pitit fi ou yo sa y'a retire nan tout ofrann moun pèp Izrayèl yo va mete apa pou mwen. Se va yon regleman k'ap la pou tout tan, se yon kontra ki p'ap janm kase ni ki p'ap janm gate mwen fè la a ak ou, pou ou ak pou tout ras fanmi ou. Gade chapit la |