Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Nonb 18:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Premye nan fwi mi ki nan peyi yo, ke yo pote bay SENYÈ a, va pou ou. Tout moun lakay ou ki pwòp, kapab manje li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 Tout premye fwi ki mi nan peyi a, fwi yo ofri bay Senyè a, se va pou ou tou. Tout moun lakay ou ki nan kondisyon pou sèvi Senyè a va gendwa manje ladan yo.

Gade chapit la Kopi




Nonb 18:13
13 Referans Kwoze  

Alò, yon mesye te sòti Baal-Shalisha, e li te pote pou nonm Bondye a, pen premye fwi yo, ven pen lòj avèk tèt sereyal nèf nan sak li. Epi li te di: “Bay pèp la pou yo kab manje.”


Depi lòd la te fin gaye, fis Israël yo te mete disponib an abondans, premye fwi nan sereyal yo, diven nèf, lwil, siwo myèl ak tout pwodwi chan an; epi yo te pote an abondans dim nan de tout bagay.


Ou pa pou fè reta avèk ofrann ki sòti nan rekòlt la avèk diven an. Premye ne nan fis ou yo, ou va ban Mwen l.


Nou va pote pi bon nan premye fwi latè yo antre nan kay SENYÈ a, Bondye nou an. Nou pa pou bouyi yon jèn kabrit nan lèt manman li.


“Ou va pote premye nan premye fwi tè ou yo pou l antre lakay SENYÈ a, Bondye ou a. Ou pa pou bouyi yon jèn kabrit nan lèt manman li.”


Yon panyen te gen bon fig etranje yo, tankou nan premye rekòlt yo, e lòt panyen an te gen move fig ki pa t ka manje akoz yo te pouri.


Premye a tout premye fwi tout kalite ak tout don a tout kalite soti nan tout sa nou kontribye va pou prèt yo. Nou va, anplis, bay prèt la premye nan bòl farin nou yo, pou fè benediksyon vin poze sou lakay nou.


Mwen te twouve Israël tankou rezen yo nan dezè. Mwen te wè papa zansèt nou yo tankou premye fwi sou pye fig nan premye sezon li. Men yo te rive kote Baal-Peor; yo te konsakre tèt yo a gwo wont, e yo te vin abominab menm jan ak sila ke yo te renmen a.


Men lè solèy la kouche, li va pwòp. Konsa, apre, li ka manje nan bagay sen yo, paske se manje li.


Nou va pote soti nan domisil nou yo de (2) pen kòm yon ofrann voye anlè, ki fèt avèk de dizyèm yon efa. Yo va fèt avèk farin fen, kwit avèk ledven kòm premye fwi bay SENYÈ a.


Malè a mwen menm! Anverite, mwen tankou moun k ap ranmase fwi gran sezon, k ap rasanble retay rezen yo lè yo fin retire diven. Pa gen grap rezen pou manje, ni yon grenn premye fwi fig etranje pou m ta anvi goute.


Nou va ba li premye fwi a sereyal yo, diven nèf nou, lwil nou, ak premye lenn mouton nou yo.


ke nou va pran kèk nan premye a tout pwodwi latè ke nou mennen antre sòti nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou an. Nou va mete li nan yon panyen e ale kote SENYÈ a, Bondye nou an, nan plas SENYÈ Bondye nou va chwazi pou etabli non Li an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite