Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Nonb 18:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Kòm don ki sen pase tout lòt yo, nou va manje l. Tout gason va manje li. Li va sen pou nou menm.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 N'a manje yo yon kote yo mete apa pou Senyè a. Se gason ase ki pou manje ladan yo. Konsidere ofrann sa yo tankou bagay ki apa pou Senyè a.

Gade chapit la Kopi




Nonb 18:10
13 Referans Kwoze  

Konsa, li te di mwen: “Chanm nò yo ak chanm sid yo, ki anfas a kote apa a, yo se chanm sen kote prèt ki rapwoche de SENYÈ a va manje bagay ki sen pase tout lòt yo. La, yo va fè poze bagay pi sen yo, ofrann sereyal la, ofrann peche ak ofrann koupabilite a; paske kote sa a sen.


Anplis, nou va manje li nan yon lye ki sen akoz ke se dwa ou ak dwa fis ou yo ki sòti nan ofrann pa dife SENYÈ a. Paske, se konsa Mwen te resevwa kòmand lan.


“Poukisa nou pa t manje ofrann peche ki nan lye sen an? Paske li sen pase tout, e Li te bannou li pou efase koupabilite asanble a, pou fè ekspiyasyon pou yo devan SENYÈ a.


Answit, li va touye jenn mouton an nan plas kote yo touye ofrann peche a ak ofrann brile a, nan plas kote sanktyè a—pou ofrann koupab la, tankou ofrann peche a, apatyen a prèt la. Li sen pase yo tout.


Li kapab manje pen Bondye li a, ni sa ki sen pase tout bagay yo, avèk sa ki sen an.


Sa ki rete nan li a, Aaron avèk fis li yo dwe manje. Li va manje tankou gato san ledven nan yon plas ki sen. Yo dwe manje li nan galeri tant asanble a.


Chak mal pami fis Aaron yo kapab manje li. Li se yon òdonans pèmanan, atravè jenerasyon nou yo, soti nan ofrann dife bay SENYÈ a. Nenpòt moun ki touche yo va sen.’”


Prèt la ki ofri li pou peche a va manje li. Li va manje yon kote ki sen, nan galeri a tant asanble a.


Chak mal pami prèt yo kapab manje ladann. Li pi sen pase tout.


Chak mal pami prèt yo kapab manje li. Li pi sen pase tout.


“Sa osi se pou nou, ofrann a don pa yo, menm tout ofrann balanse vè lotèl a fis Israël yo; Mwen te bannou yo ak fis nou yo ak fi nou yo ki avèk nou, kòm yon dwa ki pou tout tan. Tout sila lakay nou yo ki pwòp, kapab manje yo.


Sila a va pou nou, soti nan don pi sen pase tout lòt yo ki rezève soti nan dife a; tout ofrann pa yo, menm tout ofrann pa yo, tout ofrann sereyal, tout ofrann peche ak tout ofrann koupab ke yo rann ban Mwen yo, yo va sen pase tout lòt yo pou nou ak fis nou yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite