Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Nonb 17:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Alò, nan jou apre a, Moïse te antre nan tant lan; epi vwala, branch Aaron an pou fanmi zansèt Levi a te boujonnen. E li pa t sèlman boujonnen, men li te pwodwi flè, e osi li te pote zanmann mi.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Nan denmen, lè Moyiz antre nan Tant Randevou a, li wè branch bwa Arawon an ki nan fanmi Levi a boujonnen. Li te menm gentan fleri epi bay fwi mi.

Gade chapit la Kopi




Nonb 17:8
13 Referans Kwoze  

Tout pyebwa nan chan yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a. Mwen desann pyebwa ki byen wo a, egzalte pyebwa ki ba a, seche pyebwa ki vèt la e fè pyebwa ki sèch la fleri. “‘Mwen, SENYÈ a, te pale e Mwen te akonpli sa.’”


“Li va vin rive ke branch moun ke Mwen chwazi a, va boujonnen. Konsa, Mwen va fè sispann tout bougonnen fis Israël k ap fèt kont nou menm.”


Nan jou sa a, branch SENYÈ a va bèl, plen ak glwa, e fwi tè a va fè yo leve tèt yo wo akoz bèlte a tout retay Israël yo.


Dife a fin gaye nan tout branch li yo. Li te konsonmen boujon ak fwi li yo, jiskaske pa t gen ladann yon branch ki dyanm, pou fè baton pou wa a.’ Sa se yon lamantasyon. Konsa, li va sèvi kon yon lamantasyon.”


SENYÈ a va lonje baton wayal Ou a soti nan Sion e di: “Se pou ou renye nan mitan ènmi Ou yo”.


epi sou pye rezen an, te gen twa branch. Konsa, pandan li t ap boujonnen, flè li yo te parèt, e touf flè yo te pwodwi pakèt rezen mi.


Li gen yon lotèl an lò pou lansan an, ak lach akò a ki kouvri nan tout kote avèk lò. Ladann te gen yon vaz an lò ki gen lamàn nan, ak baton Aaron an ki te boujonnen, ak tablèt akò yo.


Men li te vin rache ak kòlè. Li te jete atè nèt, epi van nan lès te seche fwi li yo. Gwo branch dyanm li yo te vin rache. Yo te fennen. Dife te manje yo nèt.


Tankou yon pye pòm pami bwa nan forè, se konsa cheri mwen an ye pami jennonm yo. Nan lonbraj li mwen te pran gwo plezi pou m te chita; konsa fwi li te dous nan gou m.


Li te pale avèk Koré ak tout konpanyen li yo. Li te di: “Demen maten, SENYÈ a va montre kilès ki apatyen ak Li e kilès ki sen, epi Li va fè moun sa a vin touprè Li. Menm sila ke Li chwazi a, Li va mennen li toupre Li menm.


Konsa, Moïse te pote deyò tout branch ki te nan prezans a SENYÈ a vè tout fis Israël yo. Yo te gade, e chak mesye te pran pwòp branch pa l.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite