Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Nonb 15:30 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

30 Men moun ki fè yon bagay avèk rebelyon an, menm si se yon natif, oswa yon etranje, sila ap blasfeme SENYÈ a. Nanm sa va koupe retire de pèp li a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

30 Men, lè yon moun fè yon bagay li konnen byen pwòp li pat dwe fè, kit se yon moun pèp Izrayèl la menm li ye, kit se yon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo a, se pase l'ap pase Senyè a nan betiz. Se pou yo wete moun sa a nan mitan pèp la.

Gade chapit la Kopi




Nonb 15:30
30 Referans Kwoze  

Men yon mal ki pa sikonsi nan avan chè li, moun sila a va vin retire de pèp li a. Li vyole akò Mwen an.”


Sou mechan yo, limyè yo retire e bwa souleve a vin kase.


Anplis, pwoteje sèvitè ou a kont peche ògèy yo. Pa kite yo vin domine m. Konsa, mwen kab rete san fot, epi va inosan a gran peche.


Epi akoz zèl mwen gen pou lakay Ou, yo manje m nèt. Repwòch a sila ki te repwoche Ou yo te vin tonbe sou mwen.


Sonje bagay sa a, O SENYÈ, ke lènmi yo te meprize Ou, e yon pèp ki plen ak foli te refize non Ou.


Leve, O Bondye! Plede koz Ou! Sonje jan lòm plen foli meprize Ou tout lajounen.


Fè remet a vwazen nou yo, sèt fwa antre nan vant yo, repwòch avèk sila yo te repwoche Ou a, O SENYÈ.


Avèk sila, lènmi Ou yo te fè repwòch yo, O SENYÈ. Se konsa yo te repwoche mak pla pye onksyone Ou a.


Si, alò, yon mesye aji avèk mechanste kont vwazen li, pou l kab touye li nan koken, ou va pran li menm si se sou lotèl la, pou li kapab mouri.


Nenpòt moun ki mele nenpòt bagay parèy ak li, oswa nenpòt moun ki mete okenn nan li sou yon moun ki pa prèt, li va koupe retire pami moun li yo.”


Sila ki oprime malere a ap vekse Kreyatè li; men sila ki gen bonte anvè pòv la, onore L.


“Pou sa, fis a lòm, pale ak lakay Israël pou di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Malgre nan sa, papa zansèt nou yo te blasfeme Mwen lè yo te enfidel a lalwa M.


“‘Si yon mesye fè adiltè avèk madanm a yon lòt, menm sila ki fè adiltè avèk madanm zanmi li an, adiltè la avèk fanm adiltè la va vrèman vin mete a lanmò.


Mwen va osi mete figi Mwen kont moun sa a. Mwen va koupe retire li de pèp li a, akoz li te bay nan pitit li bay Moloc pou konwonpi sanktyè Mwen an, e degrade non sen Mwen an.


“‘Epi pou moun ki vire vè moun k ap fè kontak ak mò yo, ki swiv lespri dyab yo, pou yo jwe pwostitiye avèk yo, Mwen va osi mete figi Mwen kont moun sa a e Mwen va koupe retire li de pèp li a.


Nou va genyen yon sèl lwa pou sila ki fè yon bagay ki pa eksprè, pou sila ki natif pami fis Israël yo, e pou sila ki se yon etranje k ap demere pami yo.


Men mesye ki pwòp e ki pa nan yon vwayaj, ki malgre sa, neglije obsève Pak la, moun sa a va vin koupe retire de pèp li a. Paske li pa t prezante ofrann bay SENYÈ a nan lè chwazi a. Nonm sila a va pote peche li.


Nenpòt moun ki pale yon mo kont Fis a Lòm nan, l ap padone; men nenpòt moun ki pale yon mo kont Lespri Sen an, sa p ap padone, ni nan laj sila a ni nan laj k ap vini an.


“Konsa, mwen te pale avèk nou, men nou pa t koute mwen. Olye de sa, nou te fè rebèl kont kòmand SENYÈ a. Nou te aji avèk awogans e nou te monte nan peyi mòn lan.


si M pa t krent ke li t ap pwovoke lènmi an, ke lènmi pa yo ta mal jije pou yo ta di: “Se men nou ki gen viktwa a. Se pa t vrèman SENYÈ a ki fè tout sa.”’


Paske si nou kontinye nan peche volontèman aprè nou resevwa konesans verite a, p ap gen yon sakrifis pou peche ki rete ankò,


Ki pinisyon pi rèd ou panse li va merite, sila ki foule anba pye li Fis a Bondye a, e gade san akò pa sila li te vin sanktifye a, kòm pa pwòp, e ki ensilte Lespri lagras la?


Sitou sila ki satisfè lachè a nan dezi konwonpi li yo, e ki meprize otorite. Plen kouraj e awogan, yo pa menm tranble lè yo ensilte zanj majeste yo,


Si nenpòt wè frè l ap fè yon peche ki pa mennen a lanmò li va mande, epi Bondye va pou li menm, bay lavi a sa yo ki fè peche ki pa mennen a lanmò. Genyen yon peche ki mennen a lanmò. Mwen pa di ke li dwe fè demann pou sila.


Si yon nonm vin peche kont yon lòt, Bondye va entèsede pou li. Men si yon nonm peche kont SENYÈ a, se kilès ki kab entèsede pou li?” Men yo pa t koute vwa a papa yo, paske SENYÈ a te vle mete yo a lanmò.


Pou sa, mwen te fè temwen anvè lakay Éli ke inikite lakay Éli p ap padone, ni avèk ofrann, ni avèk sakrifis.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite