Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Nonb 15:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Si yon etranje vin demere pami nou, oswa youn ki kapab pami nou pandan tout jenerasyon yo, e li vle fè yon ofrann pa dife, kòm yon ofrann ki santi bon a SENYÈ a, menm jan ak nou, se konsa li va fè l.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

14 Lè yon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou pou yon ti tan, osinon pou tout tan, ap fè yon ofrann bay Bondye, yon ofrann pou yo boule nan dife epi ki pou fè Senyè a plezi ak bon sant li, se pou l swiv menm regleman ak nou.

Gade chapit la Kopi




Nonb 15:14
5 Referans Kwoze  

(paske yo va tande afè gran non Ou, ak men pwisan Ou, ak bra louvri Ou), pou lè l vini fè lapriyè vè kay sila a,


“Pale avèk Aaron, ak fis li yo, epi tout fis Israël yo. Di yo: ‘Nenpòt moun nan kay Israël la oswa pami etranje yo nan Israël ki prezante ofrann li, sof ke se youn nan ofrann sèman yo oswa ofrann bòn volonte yo, ke yo prezante bay SENYÈ a kòm yon ofrann brile—


Ni nou p ap aksepte anyen ki konsa nan men a yon etranje kòm yon ofrann manje pou Bondye nou an, paske yo konwonpi. Yo gen defo. Yo pa pou aksepte pou nou.’”


“‘Tout sila ki natif peyi yo, yo va fè bagay sa yo nan menm mod la, nan prezante yon ofrann pa dife a, kòm yon odè ki bon a SENYÈ a.


Epi pou asanble a, va genyen yon sèl règleman pou nou ak pou etranje ki demere pami nou an, yon règleman pou tout tan pandan tout jenerasyon nou yo. Jan nou menm ye a, se konsa etranje a va ye devan SENYÈ a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite