Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Nonb 14:42 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

42 Pa monte, oswa nou va frape devan lènmi nou yo, paske SENYÈ a pa pami nou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

42 Piga nou moute. Senyè a vire do ban nou, nou pa bezwen ale fè lènmi nou yo bat nou pou gremesi.

Gade chapit la Kopi




Nonb 14:42
9 Referans Kwoze  

Li te sòti deyò pou rankontre Asa e li te di li: “Koute mwen, Asa e tout Juda avèk Benjamin: SENYÈ a avèk nou lè nou avèk Li. Epi si ou chache Li, Li va kite ou jwenn Li; men si ou abandone Li, Li va abandone ou.


Anplis, ou te plwaye lam nepe li a, e fè l pa kanpe pou batay la.


Paske, moun Amalec yo ak Kananeyen yo va la devan nou, e nou va vin tonbe anba nepe, akoz ke nou te vire an aryè kite SENYÈ a. Konsa, SENYÈ a p ap avèk nou.”


“Men SENYÈ a te di mwen: ‘Di yo: “Pa monte, ni goumen, paske Mwen pa pami nou. Otreman, nou va vin bat devan lènmi nou yo.”’


Alò, kòlè Mwen va vin limen kont yo nan jou sa a, Mwen va abandone yo e kache figi Mwen a yo menm. Yo va detwi e anpil malè va rive sou yo, jiskaske yo va di nan jou sa a: ‘Èske se pa paske Bondye nou an pa pami nou ke malè sa yo vin rive sou nou?’


Pou sa, fis Israël yo pa kapab kanpe devan lènmi yo. Yo vire do yo devan lènmi yo, paske yo te vin modi. Mwen p ap avèk nou ankò amwenske nou detwi bagay ki anba ve soti nan mitan nou yo.


O SENYÈ, kisa mwen kapab di lòske Israël te vire do yo devan lènmi yo?


Li te di: “Men Filisten yo sou ou, Samson!” Li te leve soti nan dòmi li, e te di: “Mwen va sòti tankou lòt fwa yo e souke kò m pou m vin lib.” Men li pa t konnen ke SENYÈ a te gen tan kite li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite