Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Nonb 13:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Lè Moïse te voye yo espyone peyi Canaan an, li te di yo: “Monte nan negev la; epi monte toujou nan peyi ti kolin yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

17 Lè Moyiz voye yo ale nan peyi Kanaran an, li di yo: — Moute nan peyi a. N'a pase pa Negèv la, n'a pran chemen mòn pou nou.

Gade chapit la Kopi




Nonb 13:17
16 Referans Kwoze  

Abram te vwayaje toujou vè Negev.


Alò, Abram te monte kite Égypte vè Negev, li menm avèk madanm li, ak tout bagay ki te pou li, e Lot te avèk li.


Leve, mache toupatou nan peyi a nan longè li avèk lajè li; paske Mwen va ba ou li”.


Li te fè vwayaj li yo ki sòti Negev pou rive jis Béthel, nan plas kote tant li a te ye nan kòmansman an, antre Béthel avèk Ai,


Alò, vale Siddim nan te ranpli avèk fon azfòt yo, epi wa Sodome avèk Gomorrhe yo te sove ale, e kèk tonbe la. Men sila ki te chape yo te sove ale, rive nan tèt mòn yo.


Kontwole pou wè kijan peyi a ye, si pèp ki rete ladann nan, gen fòs, oswa si yo fèb, e si yo gen anpil, oswa pa anpil moun.


Desandan a Amalèk yo ap viv nan peyi Negev la, Etyen yo, Jebisyen yo, Amoreyen yo ap viv nan mòn yo, e Kananeyen yo ap viv bò kote lanmè ak bò kote rivyè Jourdain an.”


Sepandan, nan maten, yo te leve bonè, yo te monte vè krèt kolin ki nan peyi kolin yo. Yo te di: “Men nou isit la! Nou te vrèman fè peche, men nou va monte vè kote ke SENYÈ a te pwomèt la.”


Amoreyen ki te rete nan peyi mòn sa yo te parèt kont nou. Yo te chase nou tankou myèl ta fè e yo te kraze nou soti nan Séir jis rive nan Horma.


Konsa, Josué te frape tout peyi a, peyi kolin yo avèk Negev la ak bas plèn nan avèk pant yo ak tout wa yo. Li pa t kite moun vivan, men li te konplètman detwi tout moun ki te gen souf lavi, jis jan ke SENYÈ a, Bondye a Israël la, te kòmande a.


Konsa, li te kontinye vè sid pou rive nan pant Akrabbim nan. Li te kontinye a Tsin, li te monte vè sid a Kadès-Barnéa, e te kontinye nan Hesbron. Li te monte nan Addar e te vire tounen a Karkaa.


Epi Josué, fis a Nun nan, te voye de mesye kòm espyon an sekrè soti Sittim. Li te di: “Ale gade peyi a, sitou Jéricho.” Epi yo te ale e te antre lakay a yon pwostitiye ki te rele Rahab. Yo te dòmi la.


Li te di li: “Beni mwen. Akoz ou te ban mwen peyi nan Negev la, ban m sous dlo yo tou.” Konsa, Caleb te ba li sous piwo avèk sous piba yo.


Alò SENYÈ a te avèk Juda, e te chase met dèyo tout sa yo ki te viv nan peyi ti kolin yo. Men yo pa t ka chase mete deyò pèp ki te rete nan vale yo, akoz yo te gen cha yo ki te fèt an fè.


Apre, fis a Juda yo te desann pou goumen kont Kananeyen ki te rete nan peyi ti kolin yo ak nan Negev la ak nan ba plèn nan.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite