Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Nonb 12:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Moïse te kriye fò bay SENYÈ a. Li te di: “O Bondye, geri li, mwen priye Ou!”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 Se konsa, Moyiz rele nan pye Bondye, li di l konsa: — Bondye, tanpri, geri l non!

Gade chapit la Kopi




Nonb 12:13
23 Referans Kwoze  

Konsa, priyè la ki ofri nan lafwa a va restore sila ki malad, e Senyè a va fè l leve. Si li te fè peche, yo va padone.


Pa kite nou venk pa le mal, men venk mal la avèk sa ki bon.


Beni sila ki bannou madichon yo. “Priye pou sila ki maltrete nou yo.


Men Jésus t ap di: “Papa, padone yo; paske yo pa konnen kisa y ap fè.” Epi yo te tire osò pou divize vètman Li pami yo menm.


Geri mwen, O SENYÈ e mwen va geri nèt! Sove mwen e mwen va sove! Paske se Ou menm ki lwanj mwen an.


Limyè lalin nan va tankou limyè solèy la, e limyè solèy la va sèt fwa pi klere tankou limyè ki pou sèt jou, nan jou ke SENYÈ a geri frakti a pèp Li a e panse blesi ki te frape yo.


“Mwen regrèt ke M te fè Saül wa, paske li te vire fè bak nan swiv Mwen, e li pa t akonpli lòd Mwen yo.” Konsa, Samuel te vin twouble e li te kriye fò a SENYÈ a pandan tout nwit lan.


Anplis, pou mwen menm, lwen de mwen ke m ta peche kont SENYÈ a e sispann fè lapriyè pou nou; men mwen va enstwi nou nan chemen ki bon e ki dwat la.


Men nan pwochen jou a, tout kongregasyon fis Israël yo te bougonnen kont Moïse avèk Aaron. Yo te di: “Se nou ki touye pèp SENYÈ a.”


Tout fis Israël yo te bougonnen kont Moïse ak Aaron. Tout kongregasyon an te di yo: “Pito ke nou te mouri nan peyi Égypte la! O pito nou te mouri nan dezè sa a!


Konsa, li te tonbe sou jenou li, e te kriye avèk yon gwo vwa: “Senyè, pa kenbe peche sa a kont yo!” Lè l fin di sa, li te mouri.


Abraham te priye a Bondye, e Bondye te geri Abimélec avèk madanm li, avèk mennaj li yo, pou yo te vin fè pitit.


Li te di l: “Mete men ou antre kot kè ou ankò.” Li te mete men l antre kot kè l ankò, e lè l te rale l, konsa, li te vin nèf tankou rès chè li.


Pou sa, pèp la te kriye fò bay Moïse. Moïse te priye bay SENYÈ a, e dife a te ralanti.


O Pa kite chè Marie rete kòm yon timoun ki fenk fèt mouri, ki sòti nan vant manman li avèk chè li mwatye manje!”


O SENYÈ, Bondye mwen an, mwen te kriye a Ou menm, e Ou te geri mwen.


Konsa, pou mwen, mwen te di: “O SENYÈ, fè m gras. Geri nanm mwen paske mwen te peche kont Ou.”


Li te di: “Si nou okipe byen vwa a SENYÈ a, Bondye nou an, si nou fè sa ki bon nan zye Li, si nou bay zòrèy nou a kòmandman Li yo, e kenbe lwa Li yo, Mwen p ap mete sou nou, okenn nan maladi ke M te mete sou Ejipsyen yo; paske se Mwen, SENYÈ ki geri nou an.”


Wa a te di a nonm Bondye a: “Souple, fè yon lapriyè a SENYÈ a, Bondye ou a e mande pou mwen, pou men m kapab vin restore a mwen menm.” Konsa, nonm Bondye a te priye a SENYÈ a, epi men a wa a te restore de li menm. Li te vin jan li te ye avan an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite