Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Nonb 11:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Pèp la t ap fè ale retou pou ranmase li. Yo te moulen li antre de wòch moulen, oswa bat li nan yon pilon, bouyi li nan yon chodyè, epi fè gato avèk li. Li gen gou tankou gou a gato ki fèt ak lwil.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Pèp la ale toupatou, li ranmase yo. Apre sa, oubyen li te pase yo nan moulen wòch, oubyen li te pile yo nan pilon pou fè farin. Lèfini, yo tchwit li nan chodyè, yo fè gato plat avè l. Li te gen menm gou avèk pen ki fèt ak lwil oliv.

Gade chapit la Kopi




Nonb 11:8
9 Referans Kwoze  

Lè Jacob te fin kwit yon soup, Ésaü te vin antre pandan li t ap kite chan an, e li te grangou anpil.


Alo, konsa li te reponn yo: “Men sa ke SENYÈ a vle: ‘Demen se yon jou Saba, yon Saba sen a SENYÈ a. Kwit sa ke nou va kwit, bouyi sa ke nou va bouyi, e tout sa ki rete, mete l akote pou konsève jis rive nan maten.’”


Lakay Israël te nonmen li lamàn. Li te tankou grenn koryandè, blan avèk yon gou tankou gato avèk siwo myèl.


Alò, lamàn nan te tankou grenn pitimi avèk aparans gonm arabik.


Lè lawouze te vin tonbe nan kan an pandan nwit lan, lamàn te tonbe avè l.


“Pa travay pou manje k ap peri, men pou manje k ap dire jiska lavi etènèl, ke Fis a Lòm nan va bay nou. Pwiske sou Li, Papa a, Bondye menm, gen tan mete so Li.”


“Papa zansèt nou yo te manje lamàn nan dezè a. Kon li ekri a: ‘Li te bay yo pen ki sòti nan syèl la pou yo manje.’”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite