Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Nonb 10:35 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

35 Epi li te vin rive ke lè lach la te derape ke Moïse te di: “Leve O SENYÈ! Kite sila ki rayi Ou yo Sove ale devan Ou.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

35 Chak fwa Bwat Kontra a pati, Moyiz di: — Leve non, Senyè! Gaye lènmi ou yo! Fè tout moun ki rayi ou yo kouri lè ou parèt!

Gade chapit la Kopi




Nonb 10:35
10 Referans Kwoze  

Leve, O SENYÈ, vini nan plas repo Ou a, Ou menm avèk lach fòs Ou.


Delivrans se nan SENYÈ a. Ke benediksyon Ou toujou poze sou pèp Ou a.


Leve, O SENYÈ, pa kite lòm vin genyen; kite nasyon yo jije devan Ou.


Se kilès ki va kanpe pou mwen kont malfektè yo? Se kilès ki va pran pozisyon li pou mwen kont sila ki fè mechanste yo?


“Leve, leve, mete fòs sou Ou, O bra SENYÈ a; leve tankou nan jou lansyen yo. Èske se pa t Ou menm ki te koupe Rahab an ti mòso a, ki te frennen dragon an nèt la?


si Mwen file nepe briyan Mwen an, se men M ki kenbe lajistis. Mwen va rann vanjans sou advèsè Mwen yo, epi Mwen va rekonpanse sila ki rayi Mwen yo.


men ki rekonpanse sila ki rayi Li yo devan figi yo, pou detwi yo. Li p ap fè reta avèk sila ki rayi Li a. Li va rekonpanse li devan figi li.


Lè pèp la te antre nan kan an, ansyen a Israël yo te di: “Poukisa SENYÈ a bat nou konsa jodi a devan Filisten yo? Annou pran pou nou menm lach akò a pou l soti Silo. Konsa, li kapab vini pami nou e livre nou sòti anba pouvwa lènmi nou yo.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite