Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Neyemi 9:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Desandan Israël yo te separe yo soti nan tout etranje yo, e te kanpe pou konfese peche pa yo avèk inikite a papa zansèt yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Tout moun pèp Izrayèl yo mete kò yo ansanm. Yo pa kite okenn moun lòt nasyon mele ak yo. Epi se konsa yo kanpe, yo konmanse di tou sa yo menm yo fè ki mal ansanm ak tout peche zansèt yo te fè.

Gade chapit la Kopi




Neyemi 9:2
24 Referans Kwoze  

si yo vin reflechi nan peyi kote yo te mennen kaptif la, yo vin repanti, e fè siplikasyon a Ou menm nan peyi a sila ki te pran yo kaptif la, e di: ‘Nou te peche e te fè inikite, nou te aji mal;’


Alò, akoz sa a konfese a SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, e fè volonte L. Separe nou menm soti nan moun a peyi yo, e separe nou de madanm etranje yo.”


Fis a Israël ki te retounen an egzil yo, e tout sila ki te separe yo menm de lempite a nasyon nan peyi yo pou fè ansanm avèk yo, pou chache SENYÈ a, Bondye Israël la, te manje Pak la.


Alò, lè bagay sa yo te fini, chèf yo te vin kote mwen epi te di: “Pèp Israël la avèk prèt ak Levit yo pa t separe yo menm de pèp peyi yo, men te swiv abominasyon pa yo, menm sila nan Canaan yo, Etyen yo, Ferezyen yo, Jebizyen yo, Amonit yo, Moabit yo, Ejipsyen yo ak Amoreyen yo.


O SENYÈ a, Bondye Israël la, Ou dwat, paske yon retay ki chape te rete pou nou nan jou sa a. Men vwala, nou devan Ou nan koupabilite nou yo, e pèsòn pa kapab kanpe devan Ou akoz sa.”


Paske yo te pran kèk nan fi pa yo kon madanm pou yo menm, ak pou fis pa yo, jiskaske ras sen an te vin mele avèk pèp peyi yo. Vrèman, se men a chèf yo avèk dirijan yo ki te pran an avan nan enfidelite sa a.”


ke zòrèy W kapab atantif e zye Ou yo louvri pou tande lapriyè sèvitè Ou a ke mwen ap fè devan Ou koulye a, lajounen kon lannwit, nan non a fis Israël yo, pou konfese peche a fis Israël yo ke nou te fè kont Ou menm. Mwen menm avèk lakay papa m te peche.


Alò, tout lòt moun nan pèp la, prèt yo, Levit yo, gadyen pòtay yo, chantè yo, sèvitè tanp yo ak tout sila ki te separe yo menm soti nan pèp peyi yo pou lalwa Bondye pa yo, madanm pa yo, fis yo ak fi yo, tout sila ki te gen konesans avèk bon konprann yo,


t ap reyini ansanm avèk moun fanmi yo, chèf pa yo e t ap pran sou yo menm, sou nivo madichon, yon sèman, pou mache nan lalwa Bondye, ki te bay pa Moïse la, Sèvitè Bondye a, e pou kenbe ak obeyi tout kòmandman a Bondye yo, SENYÈ nou an, avèk òdonans Li yo avèk règleman Li yo;


Pou sa, lè yo te tande lalwa a, yo te mete tout etranje yo deyò Israël.


Konsa, mwen te pirifye soti nan tout bagay etranje yo e te chwazi devwa pou prèt yo ak Levit yo, yo chak nan pwòp tach pa yo;


Fè m sekou e delivre m de men a etranje yo, Bouch a sila ki pale desepsyon yo, e men dwat a sila ki men dwat a manti yo.


Lonje men Ou soti anwo. Fè m sekou! Delivre m sòti nan gwo dlo yo, nan men etranje yo ak


Sila ki kache transgresyon li yo, p ap fè pwogrè; men sila ki konfese yo e kite yo, va jwenn konpasyon.


Paske ou te abandone pèp Ou a, lakay Jacob, akoz yo plen ak jan de panse yo ki sòti nan lès; akoz yo vin pwofèt ki swiv Filisten yo, k ap antann yo ak pitit a etranje yo.


Nou konnen mechanste nou yo, O SENYÈ, inikite a papa zansèt nou yo, paske nou te peche kont Ou.


Sèlman rekonèt inikite ou, ke ou te transgrese kont SENYÈ a, Bondye ou a. Ou te gaye favè ou bay etranje yo anba tout bwa vèt e ou pa t obeyi vwa M,’” deklare SENYÈ a.


Alò, pandan mwen t ap pale, e fè priyè a, pou m konfese peche m yo, ak peche a pèp mwen an, Israël, ak prezante siplikasyon mwen yo devan SENYÈ Bondye mwen an, pou mòn sen a Bondye mwen an—


Yo te aji an trèt kont SENYÈ a, paske yo te fè pitit ilejitim. Koulye a nouvèl lin nan va devore yo menm ak chan yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite