Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Neyemi 8:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Anplis, Josué, Bani, Schérébia, Jamin, Akkub, Schabbethaï, Hodija, Maaséja, Kelitha, Azaria, Jozabad, Hanan, Pelaja, avèk Levit yo te eksplike lalwa a pèp la pandan pèp la te rete an plas.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Apre sa, pèp la leve kanpe epi kèk moun Levi pran esplike yo lalwa a. Se te Jechwa, Bani, Cherebya, Jamen, Akoub, Chabetayi, Odija, Maseja, Kelita, Azarya, Jozabab, Anan, Pelaja.

Gade chapit la Kopi




Neyemi 8:7
27 Referans Kwoze  

Konsa, wa a te vire tounen e te beni tout asanble Israël la pandan tout asanble Israël la te kanpe.


Epi Ézéchias te pale ankourajman a tout Levit ki te montre gwo kapasite pou afè SENYÈ yo. Konsa, yo te manje pandan sèt jou ki te chwazi yo pandan yo t ap fè sakrifis ofrann lapè yo e t ap bay remèsiman a SENYÈ a, Bondye a papa zansèt yo a.


Anplis, li te di a Levit ki te enstwi tout Israël yo, e ki te sen a SENYÈ a: “Mete lach SENYÈ a nan kay ke Salomon, fis a David la, wa Israël la, te bati a. Li p ap ankò yon chaj sou zepòl nou. Alò, koulye a sèvi SENYÈ a, Bondye nou an, avèk pèp Li a, Israël.


Selon bon men SENYÈ a sou nou, yo te mennen bannou yon nonm ak anpil konprann nan fis a Machli yo, fis a Lévi a, fis Israël la, ki rele Schérébia ak fis li yo avèk frè li yo, di-zuit mesye;


Hodija, Haschum, Betsaï


Seraja, Azaria, Jérémie,


Schabbethaï avèk Jozabad soti nan dirijan Levit yo, ki te sipèvize travay deyò nan lakou lakay Bondye a;


Anplis, gadyen pòtay yo, Akkub, Thalmon, avèk frè parèy yo ki te okipe pòtay yo te san-swasann-douz.


avèk Azaria, Esdras, Meschullam,


Apre li, Levit yo te kontinye reparasyon yo anba Rehum, fis a Bani a. Akote li menm, Haschabia, chèf a mwatye distrik Keïla a, te fè reparasyon yo pou distri pa li a.


Akote li Ézer, fis a Josué a, chèf a Mitspa a, te repare yon lòt pòsyon devan pant asnal la, nan ang lan.


Apre yo menm, Benjamin avèk Haschub te fè reparasyon yo devan lakay pa yo. Apre yo, Azaria, fis a Maaséja a, fis a Anania a, te fè reparasyon yo devan lakay pa li.


Tout pèp la te Soti pou manje, bwè e voye bay pòsyon pou selebre yon gwo fèt, akoz yo te konprann pawòl ke yo te fenk tande.


Esdras, skrib la, te kanpe devan yon etaj an bwa ki te fèt eksprè pou afè sila a. Akote li te kanpe Matthithia, Schéma, Anaja, Urie, Hilkija, avèk Maaséja adwat li e agoch li, Pedaja, Mischaël, Malkija, Haschum, Haschbaddana, Zacharie ak Meschullam.


Epi Esdras te beni SENYÈ a, gran Bondye a. Tout pèp la te reponn: “Amen, Amen,” pandan yo te leve men yo. Yo te bese ba pou te adore SENYÈ a avèk figi yo jis atè.


Yo te li nan liv la, soti nan lalwa Bondye a, e te tradwi pou fè yo konprann, pou yo ta kab byen sezi sa ki te li a.


Pandan yo te kanpe nan plas yo, yo te li soti nan liv lalwa SENYÈ a, Bondye pa yo a, pou yon ka de jounen an. Pou yon lòt ka, yo te konfese e te adore SENYÈ a, Bondye pa yo a.


Alò, sou etaj, Levit yo te kanpe Jousé, Bani, Dadmiel, Schebania, Bunni, Schérébia, Bani avèk Kenani. Yo t ap kriye ak vwa fò anlè a SENYÈ a, Bondye yo a.


Enstwi fis Israël yo nan tout lòd ke SENYÈ a te pale atravè Moïse yo.”


Paske lèv a yon prèt dwe gade konesans, e moun ta dwe chache lalwa soti nan bouch li. Paske li se mesaje a SENYÈ dèzame yo.


Yo va enstwi òdonans Ou yo a Jacob, e lwa Ou a Israël. Yo va mete lansan devan Ou, ak ofrann brile an gwo sou lotèl Ou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite