Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Neyemi 7:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Konsa, Bondye mwen an te mete sa nan kè m pou rasanble sitwayen enpòtan lavil yo, chèf yo avèk pèp la pou vin anrejistre pa lign zansèt yo. Mwen te twouve liv a zansèt a sila ki te monte an premye yo, e ladann, rekò swivan an:

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Bondye mete nan tèt mwen lide pou m sanble tout pèp la ak chèf yo, majistra yo, pou m fè yon resansman, fanmi pa fanmi. Nal tonbe sou ansyen rejis resansman premye moun ki te tounen nan peyi a. Nan rejis sa a m te jwenn

Gade chapit la Kopi




Neyemi 7:5
15 Referans Kwoze  

Pinga nou vin twonpe, frè byeneme mwen yo.


Pou rezon sila a osi, mwen travay, e mwen lite pa ajans Bondye, k ap travay avèk pwisans nan mwen an.


Men gras a Bondye ki mete menm zèl la pou nou nan kè Tite la.


Se pa ke nou ase fò nan nou menm pou konsidere ke tout bagay kapab sòti nan nou menm, men fòs nou an soti nan Bondye.


Men, pa gras Bondye, mwen sa ke mwen ye a, e gras Li anvè mwen pa anven, men mwen te travay menm plis pase yo tout, malgre se pa t mwen, men gras a Bondye ki te avè m nan.


Sila yo te fè rechèch nan achiv zansèt yo, men yo pa t kapab twouve yo; akoz sa, yo te konsidere pa pwòp e pa t kab fè sèvis kon prèt.


Sonje, O Bondye mwen, Tobija avèk Sanballat selon zèv pa yo, e anplis, pwofetès la, Noadia, ak lòt pwofèt ki te eseye fè m pè yo.


Sonje mwen, O Bondye mwen avèk bonte Ou, pou tout sa ke m te fè pou pèp sa a.


Beni se SENYÈ a, Bondye a papa zansèt nou yo, ki te mete yon bagay konsa nan kè a wa a, pou fè bèl kay SENYÈ a ki Jérusalem nan;


Sila yo te fè rechèch pami anrejistreman zansèt pa yo, men yo pa t kab twouve yo; akoz sa, yo te konsidere pa pwòp e te anpeche fè sèvis kon prèt.


Alò, vil la te byen gran avèk anpil espas, men moun ladann yo pa t anpil e kay yo potko bati.


Paske, SENYÈ a bay sajès. Nan bouch Li, soti konesans ak bon konprann.


Nan tout chemen ou yo rekonèt Li; konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite