Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Neyemi 7:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Anplis, mwen te mete Hanani, frè mwen an, avèk Hanania, kòmandan fò a, an chaj Jérusalem. Paske li te yon nonm fidèl e te gen lakrent Bondye plis pase anpil moun.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Mwen mete de moun reskonsab pou gouvènen lavil Jerizalèm lan. Se te Anani, frè mwen an, ak Ananya, kòmandan gwo fò a. Ananya sa a te yon nonm serye ki te gen krentif pou Bondye. Pat gen tankou l.

Gade chapit la Kopi




Neyemi 7:2
21 Referans Kwoze  

ke Hanani, youn nan frè mwen yo, e kèk nan mesye ki soti Juda yo te vini. Mwen te mande yo sou Jwif yo ki te chape, e ki te reziste malgre kaptivite a, epi sou Jérusalem.


“Mèt li te di li: ‘Byen fèt, bon e fidèl sèvitè. Ou te fidèl avèk yon ti kras bagay. M ap fè ou responsab anpil bagay. Antre nan lajwa a mèt ou.’


Zye m va sou fidèl a peyi a pou yo kab rete avè m. Sila ki mache nan chemen san fot la, se li menm ki va sèvitè mwen.


Hosée, Hanania, Haschub,


anplis, yon lèt a Asaph, gadyen nan forè a wa a, pou li kapab ban mwen bwa chapant pou fè travès pou pòtay a fò ki akote tanp lan; epi pou miray lavil la e pou kay nan sila mwen prale a.” Wa a te ban m tout sa akoz bon men Bondye mwen an te sou mwen.


Achab te rele Abdias ki te chèf sou lakay li. (Alò, Abdias te gen lakrent SENYÈ a anpil;


Bagay ke ou te tande de mwen nan prezans a anpil temwen yo, konfye yo a moun ki fidèl, ki kapab osi enstwi lòt yo.


Nan ka sila a, anplis, li nesesè pou twouve jeran yo fidèl.


Konsa, chèf ak satrap yo te kòmanse chache pou twouve yon koz akizasyon kont Daniel nan zafè wayòm nan; men yo pa t ka jwenn okenn baz pou akize l, ni okenn koripsyon, akoz li te fidèl. Okenn neglijans ni koripsyon pa t ka twouve nan li.


Te gen yon mesye nan peyi Uts ki te rele Job. Nonm sa a te san repwòch, dwat, te gen lakrent Bondye e te vire kite tout mal.


Kon responsab pou kay depo yo, mwen te chwazi Schélémia, prèt la, Tsadok, skrib la, avèk Pedaja a Levit yo: epi akote sila yo, Hanan, fis a Zaccur a, fis a Matthania a; paske yo te konsidere kon moun serye e se te tach pa yo pou separe bay a frè yo.


Men gouvènè ki te avan mwen yo te konn mete chaj sou pèp la e te pran soti nan men yo pen avèk diven plis karant sik ajan; menm sèvitè pa yo te konn vin kon chèf sou moun. Men mwen pa t fè sa akoz lakrent Bondye.


Li va vin rive ke lè m kite ou, Lespri SENYÈ a va pote ou kote m pa konnen. Konsa, lè m vini pale Achab, lè l pa kab jwenn ou, li va touye mwen, malgre mwen, sèvitè ou a, te gen lakrent SENYÈ a depi nan jenès mwen.


Bondye a Israël la te di, Wòch Israël la te pale mwen, Sila ki renye sou lèzòm avèk ladwati Li a, ki renye avèk lakrent Bondye yo,


Se pa konsa avèk sèvitè Mwen, Moïse. Li fidèl nan tout kay Mwen;


“Anplis de sa, ou va chwazi pami tout pèp la, mesye ki kapab yo ki gen lakrent Bondye, moun ak verite, ki rayi richès malonèt. Konsa, ou va plase yo sou pèp la kòm chèf sou milye, sou santèn, sou senkantèn, ak sou dis.


Alò, Joseph te di yo nan twazyèm jou a: “Fè sa pou viv, paske mwen krent Bondye:


“Kilès, konsa, ki se esklav fidèl e rezonab ke mèt la te mete responsab tout lakay li, pou bay yo manje nan lè ke yo bezwen?


Mwen te di yo: “Pa kite pòtay Jérusalem yo ouvri jiskaske solèy la vin cho ak pandan gad yo an plas yo, fè yo fèmen pòt yo e boulonnen yo. Anplis, chwazi gad yo soti nan pèp Jérusalem nan, chak moun sou pòs li e chak moun devan pwòp kay pa li.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite