Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Neyemi 6:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Konsa, mwen te voye mesaje yo kote yo. Mwen te di: “Mwen ap fè yon gwo travay, e mwen p ap kab desann. Poukisa travay la ta dwe rete pandan mwen kite li pou vin kote nou?”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Se konsa mwen voye mesaje bò kote yo avèk repons sa a: — M okipe ak yon travay enpòtan, m pa ka desann. Si m kite travay la pou m ale kote nou, li pral sispann.

Gade chapit la Kopi




Neyemi 6:3
9 Referans Kwoze  

Fòk nou fè zèv a Li menm ki te voye M nan pandan li fè jou. Lannwit lan ap vini lè pèsòn p ap kab travay.


Veye byen, Mwen voye nou tankou mouton nan mitan lou. Konsa, se pou nou saj kon sèpan, men inosan kon toutrèl.


Yo va di: ‘Mesye sa a te kòmanse bati, e li pa kapab fini.’


Moun san konprann kwè nan tout bagay; men yon nonm k ap refleshi veye pa li yo.


Nenpòt sa ke men ou jwenn pou fè, fè l ak tout kouraj ou. Paske pa gen aktivite, ni plan, ni konesans, ni sajès nan Sejou mò kote ou prale a.


Sanballat avèk Guéschem te voye kote mwen epi te di: “Vini, annou reyini ansanm nan Chephirim nan plèn Ono.” Men se mal ke yo te gen entansyon pou fè m.


Yo te voye kote mwen kat fwa konsa e mwen te reponn yo menm jan an.


Alò, mwen te estasyone moun nan pati piba nan espas dèyè miray la, kote ki te manke pwotèj e mwen te estasyone moun pami fanmi yo avèk nepe pa yo, lans ak banza yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite