Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Neyemi 4:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Lènmi nou yo t ap di: “Yo p ap konnen ni wè jiskaske nou vini pami yo, touye yo e mete fen nan travay la.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Lènmi nou yo menm, bò pa yo, t'ap di: — San yo pa konnen, san yo pa wè anyen, n'ap gentan nan mitan yo. N'ap masakre yo, n'ap fè travay la sispann.

Gade chapit la Kopi




Neyemi 4:11
10 Referans Kwoze  

Mwen va vini sou li pandan li fatige e bouke e fè l vin sezi pou tout moun ki avèk li yo kouri ale. Konsa, se sèl wa a mwen va frape touye,


Konsa, nan Juda yo t ap di: “Fòs a sila ki pote chaj yo ap febli, Malgre, toujou gen anpil fatra; Epi nou menm pou kont nou, P ap kab rebati miray la.”


Lè Jwif ki te rete toupre yo te vin kote nou dis fwa epi te di nou: “Yo va vini kont nou soti tout kote ke nou kab vire,”


Men nou te priye a Bondye nou an e akoz yo menm, nou te plase yon gad pou anpeche yo lajounen kon lannwit.


Yo atake, yo kache, yo veye pa mwen yo. Y ap tann pou rache lavi m.


Men malè va vini sou ou ke ou p ap gen maji pou detounen. Gwo dega ke ou p ap ka menm konprann va vini sou ou. Destriksyon ke ou pa t janmn sispèk va rive sou ou sibitman.


Lè jounen an te rive Jwif yo te fòme yon konplo. Yo te vin mare ansanm anba yon sèman, pou yo pa ta ni manje, ni bwè jiskaske yo te touye Paul.


Pa kwè yo, paske plis ke karant nan yo ap tann pou atake l. Yo gen tan mare yo menm anba yon sèman pou yo pa ni manje ni bwè jiskaske yo touye l; koulye a y ap tann ou vin bay pèmisyon.”


Paske nou menm, nou konnen trè byen ke jou a Senyè a va vini sou nou tankou yon vòlè lannwit.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite