Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Neyemi 3:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

24 Apre li Binnuï, fis a Hénadad la, te repare yon lòt pòsyon soti lakay Azaria, jis rive nan ang lan, jis rive nan kwen an.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

24 Bennwi, pitit gason Enadad la, te repare yon lòt pòsyon ankò, pòsyon ki vin apre a, depi bò kay Azarya a rive jouk nan kwen an.

Gade chapit la Kopi




Neyemi 3:24
7 Referans Kwoze  

Konsa, Josué avèk fis li yo ak frè li yo te kanpe ansanm avèk Kadmiel ak fis pa li yo, fis a Juda yo, fis a Hénadad yo avèk fis pa yo ak frè yo, Levit yo, pou sipèvize ouvriye nan tanp Bondye a.


anplis frè pa yo, Schebania, Hodija, Kelitha, Pelaja, Hanan,


Epi Levit yo: Josué, fis a Azania a, Binnuï, nan fis a Hénadad yo, Kadmiel,


Malkija, fis a Harim nan avèk Haschub, fis a Pachath-Moab la, te fè yon lòt pati, avèk Wo Tou Founo yo.


Akote li Ézer, fis a Josué a, chèf a Mitspa a, te repare yon lòt pòsyon devan pant asnal la, nan ang lan.


Apre yo menm, Benjamin avèk Haschub te fè reparasyon yo devan lakay pa yo. Apre yo, Azaria, fis a Maaséja a, fis a Anania a, te fè reparasyon yo devan lakay pa li.


Apre yo menm, Tekoyit yo te repare yon lòt pati pa devan wo fò pwolonje a jis rive nan miray Fimye a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite