Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Neyemi 3:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Apre li menm, Merémoth, fis a Urie a, fis a Hakkots la, te repare yon lòt pòsyon soti nan pòtay lakay Éliaschib la, jis rive nan dènye pwent lakay Éliaschib la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

21 Meremòt, pitit gason Ouri a, pitit pitit gason Akòz, te rebati pòsyon ki vin apre a, pran depi devan papòt kay Elyachib la rive jouk nan dènye bout kay la.

Gade chapit la Kopi




Neyemi 3:21
8 Referans Kwoze  

Nan prèt yo: fis a Hobaja yo, fis a Hakkots yo, fis a Barzillaï yo, ki te pran kon madanm youn nan fis a Barzillaï yo, Galaadit la e te rele selon non pa yo.


Epi pami fis a prèt yo: fis a Habaja yo, fis a Hakkots yo, fis a Barzillaï yo, ki te pran pou madanm li youn nan fi a Barzillaï yo, Gadit la e te rele pa non pa yo.


Kots te fè Anub avèk Hatsobéba ak fanmi a Acharchel yo, fis a Harum yo.


Nan katriyèm jou a, ajan an avèk lò a avèk zouti ki te peze pa men a Merémoth la, fis a Urie a, prèt la, e avèk li, te gen Éléazar, fis a Phinées; epi avèk yo, te gen Levit yo, Jozabad, fis a Josué a ak Noadia, fis a Binnui a.


Apre li Baruc, fis a Zabbaï a te repare avèk gwo kouraj, yon lòt pòsyon soti nan ang lan jis rive devan pòt a Éliaschib la, wo prèt la.


Apre li, prèt yo mesye a vale yo te reyisi fè reparasyon yo.


Epi Éliaschib, wo prèt la, te leve avèk frè li yo, prèt yo pou te bati Pòtay Mouton an. Yo te konsakre li e te kwoke pòt li yo. Yo te konsakre miray depi nan tou Méa yo jis rive nan tou Hananeel la.


Akote yo, Merémoth, fis a Urie a, fis a Hakkots la, te fè reparasyon yo. Epi akote li, Meschullam, fis a Bérékia a, fis a Meschézabeel la, te fè reparasyon yo. Akote li, Tsadok, fis a Baana a, te fè reparasyon yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite