Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Neyemi 2:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Mwen te di wa a: “Si li ta fè wa plezi, e si sèvitè ou a te jwenn favè devan ou, voye m Juda, nan vil tonm a papa zansèt mwen yo, pou m ta kab rebati li.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Epi mwen reponn li: — Si sa fè lanperè plezi, si lanperè kontan jan m'ap sèvi li, tanpri, kite mwen ale peyi Jida, nan vil kote zansèt mwen yo antere pou mwen ka rebati li.

Gade chapit la Kopi




Neyemi 2:5
12 Referans Kwoze  

Joab te tonbe figi atè, kouche nèt e te beni wa a. Epi Joab te di: “Jodi a, sèvitè ou konnen ke li twouve favè nan zye ou, O mèt mwen, wa a, akoz wa a te akonpli demann lan a sèvitè li a.”


Alò, si sa ta fè wa a kontan, kite yon rechèch fèt lakay trezorye wa a ki Babylone nan, ke si se konsa, yon dekrè te fèt pa Cyrus pou rebati kay Bondye sila a Jérusalem. Epi konsa, kite wa a voye bannou desizyon pa li sou ka sa a.”


Wa a te reponn mwen: “Kisa ou ta mande?” Konsa, mwen te priye a Bondye syèl la.


Epi wa a te di mwen pandan rèn nan te chita akote l: “Konbyen de tan vwayaj ou kapab ye? Epi kilè ou va retounen?” Konsa, sa te fè wa a plezi pou voye mwen, e mwen te bay li yon lè jis.


“Si sa fè wa a kontan, kite yon dekrè wayal sòti nan li, e kite li ekri nan lalwa a Perse avèk Médie a, pou l pa kab ranvèse, ke Vasthi p ap kab ankò antre nan prezans a Wa Assuérus la. E konsa, kite wa a bay pozisyon wayal pa li a yon lòt moun ki pi merite l pase li.


Si mwen twouve favè nan zye a wa a, e si sa fè l plezi pou ban mwen petisyon mwen an, e fè sa ke m mande a, ke wa a avèk Haman kapab parèt nan bankè ke m va prepare pou yo a, e demen mwen va fè selon sa ke wa a mande a.”


Rèn Esther te reponn: “Si mwen te jwenn favè nan zye ou, O wa, e si se plezi a wa a, ban mwen lavi mwen kon petisyon mwen an, avèk pèp mwen an, se sa ke mwen mande.


Li te di: “Si sa fè wa a plezi, si mwen te twouve favè devan li, wa a twouve koz sa a bon, e sa fè kè l kontan pou wè m, kite li ekri pou anile lèt ki te manevre pa Haman an, fis a Hammedatha a, Agagit la, ke li te ekri pou detwi Jwif ki nan tout pwovens a wa yo.


Konsa, ou va twouve favè avèk bon repitasyon nan men Bondye a, ak moun.


“Konsa, ou ta dwe konnen e disène ke depi yon dekrè vin pibliye pou restore e rebati Jérusalem jis rive nan Onksyone a, Prens lan, va gen sèt semèn ak swasann-de semèn. Li va rebati ankò, ak plas la, e ak kanal ranpa a, menm nan yon tan ki twouble.


“Malè a nou menm, Skrib ak Farizyen yo, ipokrit! Paske nou tankou tonm ki blanchi deyò pou parèt bèl, men anndan yo ranpli avèk zo mò ak tout kalite pouriti.


Epi li te di: “Kite mwen jwenn favè nan zye ou, patwon mwen, paske ou te fè m jwenn konfò e vrèman te pale pawòl emab anvè sèvant ou, malgre mwen pa youn nan sèvant ou yo.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite