Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Neyemi 13:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Nan jou sa a, yo te li soti nan liv Moïse la, nan tande a pèp la, epi li te twouve ekri ladann ke ni Amonit ni Moabit pa ta janm dwe antre nan asanble Bondye a,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Yon jou, pandan yo t'ap li nan liv lalwa Moyiz la pou pèp la, yo rive yon kote ki di: Moun Amon yo ak moun Mowab yo pa janm gendwa mete pwent pye yo kote pèp Bondye a sanble.

Gade chapit la Kopi




Neyemi 13:1
22 Referans Kwoze  

Wa a te monte kote kay SENYÈ a ak tout mesye Juda yo, tout moun ki te rete Jérusalem avèk li yo, prèt yo ak pwofèt yo ak tout pèp la, ni gran, ni piti; epi li te li nan zòrèy yo, tout pawòl a liv akò a ki te twouve lakay SENYÈ a.


Anplis, nan jou sa yo, mwen te wè ke Jwif yo te konn marye ak fanm Ashdod yo, Ammon, avèk Moab yo.


Lè Sanballat, Owonit lan avèk Tobija, chèf Amonit lan te tande koze sila a, sa te fè yo pa kontan anpil, pou yon moun ta vin chache fè byen pou fis a Israël yo.


Men lè Sanballat, Owonit lan avèk Tobija, chèf Amonit lan, avèk Guéschem, Arab la, te tande koze sa a, yo te moke nou, te meprize nou, epi te di: “Ki bagay sa n ap fè la a? Èske nou ap fè rebèl kont wa a?”


Alò, Tobija, Amonit lan, te toupre li. Li te di: “Menm sa y ap bati, si yon rena ta vòltije ladann, li ta kraze wòch miray yo!”


Epi Esdras, prèt la, te pote lalwa a devan asanble a mesye yo avèk fanm yo, tout moun te kab koute avèk bon konprann, nan premye jou nan setyèm mwa a.


Pandan yo te kanpe nan plas yo, yo te li soti nan liv lalwa SENYÈ a, Bondye pa yo a, pou yon ka de jounen an. Pou yon lòt ka, yo te konfese e te adore SENYÈ a, Bondye pa yo a.


Chache nan liv SENYÈ a, epi li: Nanpwen youn nan sila yo ki p ap la; okenn p ap manke parèy yo. Paske bouch Mwen te pase lòd, e Lespri Li te ranmase yo.


Konsènan Moab. Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Malè a Nebo! Paske li fin detwi. Kirjathaïm te rive wont nèt. Li vin kaptire. Sitadèl la ki te leve byen wo a te fè wont. Li te vin kraze nèt.


Konsa pale SENYÈ a: “Akoz de twa transgresyon a fis a Ammon yo, menm kat; Mwen p ap retire pinisyon an, akoz yo te chire vant fanm ansent Galaad yo pou agrandi lizyè yo.


Konsa, li te voye yon mesaje vè Balaam, fis a Beor a nan Pethor, ki toupre Rivyè a, nan peyi a fis pèp li a. Li te di: “Gade byen, yon pèp te sòti an Égypte. Gade byen, yo kouvri sifas peyi a, e y ap viv anfas mwen.


Li te pale li: “Kisa ki ekri nan Lalwa a? Kijan ou li li?”


Aprè Lalwa ak Pwofèt yo te fin li, ofisye yo te voye kote yo e te di: “Frè yo, si nou gen nenpòt pawòl pou egzòte pèp la, pale.”


Paske Moïse, depi nan ansyen jenerasyon yo gen kwayan nan chak vil sa yo ki preche li, paske li kon li nan sinagòg yo chak Saba.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite