Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Neyemi 1:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 “Sonje pawòl ke Ou te kòmande sèvitè Ou a, Moïse, lè Ou te di: ‘Si nou pa fidèl, Mwen va gaye nou pami pèp yo;

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Koulyeya, chonje pawòl ou te bay Moyiz, sèvitè ou la, lòd ki di nou: Si nou menm, moun Izrayèl, nou pa kenbe pawòl mwen yo, m'ap gaye nou nan mitan tout lòt nasyon yo sou latè.

Gade chapit la Kopi




Neyemi 1:8
10 Referans Kwoze  

Sonje pawòl a sèvitè Ou a. Se nan li Ou te fè m gen espwa a.


Mwen va gaye ou pami nasyon yo, Mwen va dispèse ou nan tout peyi yo, e Mwen va fè disparèt sa ki pa pwòp pami ou.


Pou sa, papa yo va manje fis yo pami nou, e fis yo va manje papa yo. Paske Mwen va egzekite jijman sou nou e gaye tout retay nou yo nan tout van.


“‘“Malgre sa, Mwen va kite yon retay, paske nou va genyen sila ki chape anba nepe pami nasyon yo nan lè nou vin gaye pami lòt peyi yo.


pou montre mizerikòd vè zansèt nou yo, e pou sonje akò sen Li an,


“Anplis, SENYÈ a va fè nou gaye pami tout pèp la jis soti nan pwent latè pou rive nan lòt la. Epi la, nou va sèvi lòt dye yo, bwa avèk wòch, ke nou menm avèk zansèt nou yo pa t janm konnen.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite