Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Neyemi 1:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 “Yo se sèvitè Ou e pèp Ou ke Ou te rachte pa gran pouvwa Ou, ak men pwisan Ou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Enben! Senyè, men yo, moun k'ap sèvi ou yo. Men pèp ou a, pèp ou te delivre ak gwo pouvwa ou ak fòs ponyèt ou a.

Gade chapit la Kopi




Neyemi 1:10
17 Referans Kwoze  

Avèk yon men fò ak yon bra lonje nèt, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;


Sonje asanble Ou a, ke Ou te achte depi tan ansyen yo, sa yo ke Ou te rachte pou fè tribi eritaj pa Ou: Mòn Sion sila a, kote Ou te abite.


Ladwati avèk jistis se fondasyon twòn Ou an. Lanmou dous avèk verite mache devan Ou.


“Epi sa va fèt lè fis ou mande ou nan tan ki vini yo, pou di: ‘Kisa sa ye?’, alò ou va di li: ‘Avèk yon men pwisan SENYÈ a te mennen nou sòti an Égypte, nan kay esklavaj la.


Alò li va sèvi kòm yon sign sou men ou e kòm yon bando bwat kwi komemoratif ki mare sou fwon tèt ou; paske avèk yon men pwisan, SENYÈ a te mennen nou sòti an Égypte.”


Moïse te di a pèp la: “Sonje jou sa a lè nou te sòti an Égypte la, nou te pati kite kay esklavaj la. Paske ak yon men pwisan, SENYÈ a te fè nou sòti nan plas sa a. Epi anyen avèk ledven pa pou manje.


Epi sa va sèvi kòm yon sign pou ou sou men ou, e kòm yon souvni nan fon ou, pou lalwa SENYÈ a kapab nan bouch ou; paske se te avèk yon men pwisan ke SENYÈ a te mennen nou sòti an Égypte.


Nan lanmou ak mizerikòd Ou, Ou te mennen pèp ke Ou te ransone. Nan pwisans Ou an, Ou te gide yo rive nan abitasyon sen pa Ou a.


Men Moïse te priye SENYÈ a Bondye li a, e te di: “O SENYÈ poukisa kòlè ou briye kont pèp Ou a, ke Ou te fè sòti nan peyi Égypte la avèk gran pouvwa e avèk yon men pwisan an?


SENYÈ a te di a Moïse: “Alò, koulye a ou va wè kisa mwen va fè a Farawon. Paske anba yon men pwisan, li va lage yo, e anba yon men pwisan, li va pouse yo sòti nan peyi li a.”


“Pou sa, di a fis Israël yo: ‘Mwen menm se SENYÈ a. Mwen va mennen nou sòti anba fado Ejipsyen yo, e Mwen va delivre nou anba esklavaj pa yo a. Mwen va anplis delivre nou avèk yon bra byen lonje, e avèk gwo jijman.


“‘Alò, Mwen va pran nou kòm pèp pa m, e Mwen va Bondye pa nou; epi nou va konnen ke Mwen menm se SENYÈ a, Bondye pa nou an, ki te mennen nou sòti anba fado Ejipsyen yo.


Pa vin fache depase, O SENYÈ, ni sonje inikite nou yo pou tout tan. Gade byen, gade koulye a, nou tout se pèp Ou a.


Nou va sonje ke nou te esklav nan peyi Égypte la, e SENYÈ a, Bondye nou an, te peye ranson nou. Pou sa, mwen kòmande nou sa, jodi a.


Men se pèp Ou yo ye, eritaj Ou menm, ke Ou te mennen sòti pa gran pouvwa avèk bra lonje.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite