Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Nawoum 2:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Men Ninive te tankou ti lak dlo depi lontan; malgre sa, y ap sove ale. “Rete, Rete”! Yo kriye fò, Men pèsòn pa gade dèyè.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Tankou dlo rezèvwa koule k'ap fin pèdi, moun ap kouri sove kite lavil Niniv. Y'ap di yo: Rete non! Nou mèt rete! Men yonn menm pa kase tèt tounen.

Gade chapit la Kopi




Nawoum 2:8
15 Referans Kwoze  

De teritwa sila a, li te antre nan Assur, e li te bati Ninive avèk Rehoboth-Hur, Calach,


Konsa li va rive ke menm tankou yon antilop k ap chase, oswa mouton san moun pou rasanble yo, yo chak va vire vè pwòp pèp yo, e yo chak va sove ale rive nan pwòp peyi yo.


Tankou yon iwondèl, tankou yon zwazo se konsa mwen kriye. Mwen plenyen kon yon toutrèl. Zye m gade ak feblès vè wotè yo. O Senyè, mwen oprime! Fè m sekou!


Ou vin fatige ak tout konsèyè yo. Alò koulye a, kite mèt zetwal ki fè pwofesi ak yo, k ap fè prediksyon avni ak nouvèl lin yo, vin kanpe pou pwoteje ou sou sa k ap vin rive ou yo.


Ale kite Babylone! Sove ale devan Kaldeyen yo! Deklare ak son a kri lajwa, pwoklame sa. Voye li rive jis nan dènye pwent latè. Anonse li, “SENYÈ a te rachte sèvitè Li a, Jacob.”


Epi nou tout gwonde tankou lous, e plenyen ak tristès kon toutrèl. Nou espere lajistis, men nanpwen; pou delivrans, men li lwen nou.


Poukisa mwen te wè sa? Yo pè nèt, y ap rale fè bak, mesye pwisan yo fin bat nèt, e sèl abri yo sove ale san gade dèyè. Se gwo laperèz tout kote!” deklare SENYÈ a.


Akoz bri zago cheval li k ap kouri rèd, zen a cha li yo, ak gwonde a wou yo, papa yo pa p retounen pran pitit yo, men men yo va lage nèt ak sezisman.


Koupe retire kiltivatè Babylone nan; ak sila ki voye kouto nan lè rekòlt la. Akoz krent nepe opresè a, yo chak va retounen vè pwòp pèp pa yo, e yo chak va sove ale nan pwòp peyi yo.


O nou menm ki rete bò kote anpil dlo yo, plen ak richès yo, dènye lè nou an gen tan rive, mezi gwo lanvi nou.


Mesye pwisan a Babylone yo te sispann goumen; yo rete nan sitadèl fòtifye yo. Fòs yo fin epwize nèt. Yo vin tankou fanm. Lakay yo pran dife. Fè fòje sou pòtay li yo fin kraze.


Pwofesi pou Ninive. Liv vizyon a Nahum nan, Elkochit la.


Gad nou yo tankou krikèt. Jandam nou yo tankou gwo lame krikèt volan k ap poze sou wòch nan jou fredi. Lè solèy la leve yo sove ale. Kote yo rive a, pèsòn pa konnen.


Youn nan sèt zanj ki te gen sèt gode yo te vini. Li te pale avè m e te di: “Vini isit la! Mwen va montre ou jijman a gran pwostitiye ki chita sou anpil dlo yo,


“Ankò, li te di mwen: “Dlo ke ou te wè, kote pwostitiye a chita a, se pèp yo, foul yo, nasyon yo, ak lang yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite