Miche 7:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen1 Malè a mwen menm! Anverite, mwen tankou moun k ap ranmase fwi gran sezon, k ap rasanble retay rezen yo lè yo fin retire diven. Pa gen grap rezen pou manje, ni yon grenn premye fwi fig etranje pou m ta anvi goute. Gade chapit la1998 Haïtienne1 Ala malè pou mwen, mezanmi! Mwen tankou yon moun ki grangou nan mitan sezon rekòt epi ki pa jwenn yon ti fwi sou pyebwa, ni yon ti grenn rezen pou m mete nan bouch mwen. Tout rezen fin keyi. Tout bon fig frans fin tonbe. Gade chapit la |