Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Miche 6:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Ou va simen, men ou p ap rekòlte. Ou va kraze grenn oliv anba pye, men ou menm p ap onksyone ak lwil; kraze rezen, men ou p ap bwè diven an.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

15 N'a plante, men se pa nou ki va rekòlte. N'a kraze grenn oliv pou fè lwil, men nou p'ap gentan sèvi avè l. N'a kraze rezen fè diven, men nou p'ap gentan goute ladan l.

Gade chapit la Kopi




Miche 6:15
14 Referans Kwoze  

kite mwen simen pou yon lòt ta manje, e kite tout sa m plante vin rache.


Se ble yo te simen e yo rekòlte pikan. Yo te fè gwo efò, san ke yo pa reyisi anyen. Men se pou nou vin wont rekòlt nou an akoz gwo kòlè SENYÈ a.”


anretou, men kisa Mwen va fè nou: Mwen va apwente sou nou sibitman yon gwo twoub, yon maladi epwizan avèk lafyèv ki va gate zye nou, e fè nanm nan chagren. Konsa, nou va simen grenn nou yo san reyisi, paske se lènmi nou yo ki va manje li.


Fòs ou va depanse san valè; latè ou p ap pwodwi, ni pyebwa yo p ap donnen fwi.


Konsa, akoz nou foule malere a, e egzije taks nan blè sou li, akoz nou fin bati bèl kay ak wòch byen taye, malgre nou pa menm rete nan yo, konsa, nou fin plante bèl chan rezen yo, men nou p ap bwè diven yo.


Menmsi pye fig la pa ta fleri, ni pa gen fwi sou branch rezen yo, menmsi donn oliv la vin sispann, e chan yo pa pwodwi manje, menmsi bann mouton an ta koupe separe de pak la, e pa gen bèf nan pak la,


Konsa, richès yo va tounen piyaj e lakay yo va vin devaste. Wi, yo va bati kay, men yo p ap rete ladan yo. Yo va plante chan rezen, men yo p ap bwè diven yo.


Nou te simen anpil, men rekòlt la te piti. Nou manje, men nou pa manje ase. Nou bwè, men li manke asi. Nou mete rad, men yo pa kont pou envite fredi, epi sila ki jwenn salè li a, li mete salè li a nan yon bous ki plen twou.”


Paske nan sila a, pwovèb la vrè: ‘Youn ap simen epi yon lòt ap rekòlte.’


Konsa, yo te fè kan kont yo, detwi tout pwodwi tè a jis rive Gaza, e pa t kite anyen pou manje an Israël, ni mouton, bèf, ni bourik.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite