Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Miche 4:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 “Nan jou sa a”, deklare SENYÈ a, “Mwen va rasanble moun bwate yo, e Mwen va reyini moun rejte yo, ak sa ke M te aflije yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Senyè a di: Yon tan ap vini. Lè sa a, m'a aji avèk pèp mwen an tankou yon gadò. M'a v'al chache moun ki t'ap bwete yo. M'a ranmase moun yo te chase byen lwen yo, moun mwen te pini yo.

Gade chapit la Kopi




Miche 4:6
16 Referans Kwoze  

SENYÈ a ap ranfòse Jérusalem. Li ranmase egzile Israël yo.


Paske mwen prèt pou tonbe. Tristès mwen devan m tout tan.


Senyè BONDYE a, ki rasanble dispèse a Israël yo, deklare: “Mwen va rasanble lòt yo anvè yo, lòt anplis de sila ki deja rasanble yo.”


Nan jou sa yo, lakay Juda va mache ak lakay Israël, e yo va vini ansanm sòti nan peyi nò pou rive nan peyi ke Mwen te bay a papa zansèt nou yo kon eritaj la.”


Gade byen, Mwen ap mennen yo sòti nan peyi nò a, e Mwen va ranmase yo soti nan pati pi lwen latè a. Pami yo, avèg ak bwate yo, fanm lan ak pitit li, ak sila ki gen doulè tranche ansanm. Yon gran konpanyen, yo va retounen isit la.


“‘“Paske Mwen va retire nou soti nan nasyon yo, rasanble nou soti nan tout peyi yo pou mennen nou antre nan pwòp peyi pa nou an.


Anverite, Mwen va rasanble nou tout, O Jacob! Anverite, Mwen va ranmase retay Israël yo. Mwen va mete yo ansanm tankou mouton nan pak; tankou yon bann mouton nan mitan patiraj yo. Y ap plenn ak moun.


Gade byen, nan lè sa a, Mwen va regle ak tout sila k ap oprime ou yo. Mwen va sove sila ki bwate yo, e rasanble sila ki te rejte yo. M ap bay lwanj ak lonè a sa yo ki p at gen plis ke wont sou tout latè.


Paske Fis a Lòm nan vini pou chache e sove sa ki te pèdi.”


“Epi Mwen gen lòt mouton ki pa nan pak sa a. Fòk Mwen mennen yo tou. Epi yo va tande vwa M. Yo va vini yon sèl pak avèk yon bèje.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite