Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Miche 3:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Akoz sa, li fènwa sou nou—san vizyon e fènwa pou nou—san apèsi davni. Solèy la va kouche sou pwofèt yo, e lajounen va vin fènwa sou yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Pwofèt, jou bare nou, vizyon nou bout! Kafe nou koule ak ma, vizyon fini pou nou! Fènwa toupatou, ka nou grav.

Gade chapit la Kopi




Miche 3:6
14 Referans Kwoze  

Nou paz ankò wè mèvèy yo. Nanpwen pwofèt ankò. Ni pa genyen pami nou ki konnen konbyen de tan sa va dire.


Paske SENYÈ a te vide sou nou, yon lespri pwofon somèy. Li te fèmen zye nou menm, pwofèt yo, e Li te kouvri tèt nou menm, konseye yo.


Nou tatonnen akote mi an tankou moun avèg. Nou tatonnen kon sila ki pa gen zye yo. Nou kilbite a midi konsi se nan aswè. Pami sila ki plen kouraj yo, nou parèt tankou moun mouri.


Bay glwa a SENYÈ a, Bondye nou an, avan li pote fènwa, avan pye nou vin glise tonbe sou mòn k ap plen tenèb yo; pou pandan nou ap tann limyè, Li pa fè l antre nan fènwa lanmò a pou l rive nan tenèb ki san espwa.


Sila ki te fè sèt pitit gason te vin chagren; li te rale denyè souf. Solèy pa li te vin desann nan mitan lajounen; li te soufri wont e li te menm imilye. Konsa, Mwen va remèt sila ki chape de nepe yo devan lènmi yo,” deklare SENYÈ a.


Konsa yo te di: “Vini! Annou fè konplo kont Jérémie! Anverite, lalwa a p ap pral pèdi de prèt la, ni konsèy a saj yo, ni pawòl sen a pwofèt la! Vini, annou frape li ak kout lang, e pa okipe okenn nan pawòl li yo.”


“Konsa, men Mwen va kont pwofèt yo ki fè fo vizyon yo; ki pale divinasyon ki manti yo. Yo p ap gen plas nan konsèy a pèp Mwen an ni yo p ap ekri nan rejis lakay Israël yo. Ni yo p ap antre nan peyi Israël la. Konsa, nou ka konnen ke Mwen se Senyè BONDYE a.”


Gwo dega va rive sou gwo dega, e gwo koze sou gwo koze. Konsa, yo va chache yon vizyon soti nan yon pwofèt, men lalwa va fin pèdi nan men prèt la, e p ap gen konsèy menm nan men ansyen yo.


“Gade byen, jou yo ap vini,” deklare Senyè BONDYE a, “lè Mwen va voye gwo grangou sou peyi a, pa yon grangou pou pen oswa pou dlo, men pou koute pawòl SENYÈ a.


“Pa pwofetize”!—yo pwofetize— “Pa pwofetize de bagay de sila yo. Repwòch sa yo p ap janm rive nou.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite