Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Matye 2:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Konsa, Hérode te rele mesye saj yo an sekrè pou fè yon ankèt egzakt pou konnen kilè zetwal la te parèt la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Se konsa, Ewòd fè nèg save yo vin jwenn li an kachèt. Li mande yo kilè egzakteman zetwal la te parèt.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Ewòd rele maj yo sou kote pou l chache konnen ki premye fwa yo te wè zetwal la.

Gade chapit la Kopi




Matye 2:7
16 Referans Kwoze  

Pawòl li te pi dous pase bè, men ak kè, li te fè lagè. Pawòl li yo te pi dous pase lwil, men se nepe rale yo te ye.


Vini, annou aji avèk sajès avèk yo, sinon yo va miltipliye, e si gen lagè, yo va fè alyans avèk sa ki rayi nou yo, pou goumen kont nou e kite peyi a.”


Mwen wè li, men pa koulye a. Mwen gade l, men pa toupre. Yon zetwal va sòti nan Jacob. Yon baton a wa va leve sòti an Israël. Li va kraze travèse fwon Moab la, e li va dechire tout fis a Seth yo.


Aprè Jésus te fin fèt Bethléem nan peyi Judée pandan Hérode te wa, konsa yon ekip mesye saj ki sòti nan lès te rive Jérusalem pou mande;


Lè Hérode te vin wè ke li te twonpe pa mesye saj yo, li te vin anraje. Konsa, li te voye touye tout ti gason mwens ke de zan nan tout anviwon Bethléem nan, selon tan li te vin konprann pa mesye saj yo.


Li te voye yo Bethléem e li te di yo: “Ale Chèche pou twouve Pitit la, e lè nou jwenn li, voye di m sa, pou m ka ale adore Li tou.”


Men Félix, ki te gen yon konesans pi egzakt de Chemen an, te repouse yo, e t ap di: “Lè Lysias kòmandan an vin desann, mwen va deside ka ou a”.


Konsa, sèpan an te vide yon dlo sòti nan bouch li tankou yon rivyè dèyè fanm nan, pou li ta kapab baleye l avèk lavalas dlo.


Saül te di a li menm: “Mwen va ba li fi a pou li kab devni yon pyèj pou li e pou men Filisten yo kapab vin kont li.” Pou sa, Saül te pale David, “Pou yon dezyèm fwa, ou gen dwa devni bofis mwen jodi a.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite