Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Matye 19:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 ke: ‘pou koz sa a, yon nonm ap kite papa li ak manman li pou vin atache a madanm li, epi yo de a ap vini yon sèl chè?

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Apre sa li di: Se poutèt sa, gason an va kite papa l ak manman l pou l mete tèt li ansanm ak madanm li. Yo tou de va fè yon sèl kò.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Apre sa Bondye di: Se poutèt sa, yon gason dwe kite papa l ak manman l, pou l atache l ak madanm li. Konsa, de moun sa yo ap vin fè yon sèl.

Gade chapit la Kopi




Matye 19:5
19 Referans Kwoze  

Li te vrèman atire a Dina, fi Jacob la. Li te renmen fi a, e li te pale ak dousè avè l.


Mwen twouble pou ou, frè m Jonathan. Ou te konn fè m byen kontan. Lanmou ou te yon bèl bagay. Lanmou ou te pi presye ke lanmou a yon fanm.


ki te soti nan nasyon de sila SENYÈ a te di a fis Israël yo, “Ou p ap asosye avèk yo, ni yo p ap asosye avè w; paske yo va anverite vire kè ou lwen apre dye pa yo.” Salomon te kenbe rèd a sila yo nan renmen an.


Koute byen, O fi, prete atansyon e panche zòrèy ou. Bliye pèp ou a avèk lakay papa ou.


Nanm mwen kole ak Ou. Men dwat Ou fè m kenbe.


Éske Li pa t fè nou youn sèl? Malgre, se te li ki te gen retay Lespri a. Pouki sa youn sèl? Li t ap chache desandan ladwati a. Alò, veye lespri nou byen ke pèsòn pa aji an trèt kont madanm jenès li a.


Konsa, se pa de yo ye ankò, men yon sèl chè. Sa ke Bondye mete ansanm, pa kite okenn moun separe l.’”


Se pou nou renmen san ipokrizi. Rayi sa ki mal e kenbe fèm a sa ki bon.


Oubyen èske nou pa konnen ke yon moun ki jwenn tèt li avèk yon pwostitiye vin yon sèl kò avèk li? Paske Li di: “Yo de a va devni yon sèl chè”.


Men akoz imoralite ka fèt, chak nonm dwe gen pwòp madanm li e chak fanm dwe gen pwòp mari li.


Madanm nan pa gen otorite sou pwòp kò li, men se pou mari a, e menm jan an mari a pa gen otorite sou pwòp kò li, men se pou madanm nan.


“Pou rezon sila a, yon nonm va kite manman l ak papa l pou atache ak madanm li, epi yo de a va devni yon sèl chè.”


“Nou va krent SENYÈ a, Bondye nou an. Nou va sèvi Li. Kole kote Li, e nou va sèmante pa non pa Li.


“Paske si nou fè atansyon pou kenbe tout kòmandman sa yo ke mwen ap kòmande nou pou fè yo, pou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, pou mache nan tout chemen Li yo e kenbe fèm a Li,


Men nou menm ki te kenbe fèm a SENYÈ a, Bondye nou an, nou vivan jodi a, nou chak.


Alò, li te vin rive ke lè li te fin pale avèk Saül, ke nanm Jonathan te vin atache a nanm David, e Jonathan te renmen li tankou pwòp tèt li.


David te anplis pran Achinoam a Jizreel e yo toulède te devni madanm li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite