Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Matye 17:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Pierre te di a Jésus: “Senyè, se bon pou nou isit la. Si Ou vle, m ap fè twa tabènak isit la; youn pou Ou, youn pou Moïse, e youn pou Elie.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Lè sa a, Pyè pran lapawòl, li di: — Mèt, sa bon nèt wi pou nou isit la. Si ou vle, m'a moute twa tant: yonn pou ou, yonn pou Moyiz, yonn pou Eli.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Lè Pyè wè sa, li di Jezi: “Mèt, li bon pou nou ta rete isit la! Si ou dakò, m ap monte twa tant isit la: youn pou ou, youn pou Moyiz, youn pou Eli.”

Gade chapit la Kopi




Matye 17:4
16 Referans Kwoze  

Ou va fè m rekonèt chemen lavi a. Nan prezans Ou, se lajwa ki an abondans nèt. Nan men dwat Ou, se plezi ki dire jis pou tout tan.


Anpil ap di: “Kilès ki kab montre nou yon bagay ki bon?” SENYÈ, leve wo limyè a vizaj Ou devan nou!


Zye nou va wè Wa a nan tout bèlte Li. Yo va wè yon peyi ki byen lwen.


Paske a la gran, bonte Li va gran, e a la gran, bèlte Li va gran! Sereyal la va fè jenn mesye yo pwospere ak diven nèf pou vyèj yo.


Epi konsa, gade, yo te wè Moïse ak Elie ki t ap pale avèk Li.


Konsa, Li te vin rive ke pandan sila yo t ap kite Li, Pierre te di a Jésus: “Mèt, li bon pou nou isit la. Annou fè twa tabènak; youn pou Ou, youn pou Moïse, e youn pou Elie.” Men li pa t fin konprann sa li t ap di a.


“Papa, Mwen vle ke yo menm tou, ke Ou ban Mwen yo, kapab avèk Mwen kote Mwen ye a, pou yo kapab wè glwa M, ke Ou ban Mwen, paske Ou te renmen Mwen avan fondasyon lemonn.


Koulye a, fèt a Jwif yo, Fèt Tonèl yo, t ap pwoche.


Men mwen sanse presyon nan toulède direksyon yo. Mwen ta anvi ale, pou m kapab avèk Kris, paske sa pi bon anpil,


Alò, chè zanmi yo, nou se ti moun a Bondye, epi li poko fin devwale ki sa n ap ye. Nou konnen ke lè Li parèt nou va tankou Li, paske nou va wè Li menm jan ke Li ye.


Vil la pa gen bezwen solèy oubyen lalin pou klere sou li, paske laglwa Bondye te klere li, e lanp li se te Jèn Mouton an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite