Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Matye 13:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Se pou sa Mwen pale ak yo an parabòl; paske pandan y ap gade yo p ap wè, e pandan y ap tande yo p ap koute, ni yo p ap konprann.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 — Se poutèt sa m'ap pale an parabòl ak moun yo. Paske lè y'ap gade, yo pa wè. Lè y'ap koute, yo pa tande, ni yo pa konprann.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

13 Se poutèt sa, m ap pale ak yo an parabòl. Konsa, menm lè yo wè, yo pa wè vre. Menm lè yo tande, yo pa ni tande ni konprann vre.

Gade chapit la Kopi




Matye 13:13
12 Referans Kwoze  

Yo pa konnen, ni yo pa konprann, paske Li te fèmen zye yo pou yo pa wè e kè yo pou yo pa konprann.


‘Tande sa, O pèp ki plen foli, ki san konprann, ki gen zye, men ki pa ka wè, ki gen zòrèy, men ki pa tande.


Fis a lòm, ou rete nan mitan yon kay rebèl, ki gen zye pou wè, men yo pa wè, e zòrèy pou tande, men yo pa tande; paske se kay rebèl yo ye.


Epi mwen te di: “O Senyè BONDYE! Y ap di de mwen: ‘Èske se pa parabòl sèlman l ap pale?’”


“Men beni se zye pa nou paske yo wè; e zòrèy nou paske yo tande.


Jis jan sa te ekri a: “Bondye te bay yo yon espri sòt, zye pou yo pa wè, ak zòrèy pou yo pa tande jiska menm jou sila a.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite