Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Matye 10:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Epi si kay la gen merit, ke benediksyon lapè nou rete sou li, men si li pa gen merit, ke benediksyon lapè nou retounen sou nou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 Si moun nan kay la resevwa nou, benediksyon nou an va desann sou yo. Men, si yo pa vle resevwa nou, benediksyon an va tounen vin jwenn nou.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

13 Si moun ki nan kay la byen resevwa w, se moun ki merite salitasyon lapè w pote a. Lapè w la ap rete nan kay la. Men, si yo mal resevwa w, yo pa merite menm salitasyon lapè w la. Lapè a ap retounen vin jwenn ou.

Gade chapit la Kopi




Matye 10:13
5 Referans Kwoze  

Men pou mwen menm, lè yo te malad, rad mwen te vin twal sak; Mwen te imilye nanm mwen nan fè jèn, epi lapriyè m te kontinye retounen nan kè m.


Pandan n ap antre nan kay la, bay li salitasyon nou.


Nenpòt moun ki pa resevwa nou, ni pa okipe pawòl nou, lè nou kite kay sa a, oubyen vil sa a, souke pye nou pou pousyè li pa rete.


Si yon nonm lapè a la, lapè nou va rete sou li; men si li pa la, li va retounen sou nou.


Pou youn, yon movèz odè ki soti nan lanmò pou rive nan lanmò, pou lòt la, yon odè ki soti nan lavi pou rive nan lavi. E kilès nan nou ki gen ase de fòs pou bagay sa yo?


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite