Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Matye 1:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Jacob te fè Joseph, mari a Marie a, manman a Jésus ke yo rele Kris la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 Jakòb te papa Jozèf. Se Jozèf sa a ki te marye ak Mari, manman Jezi yo rele Kris la.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

16 Jakòb se te papa Jozèf. Jozèf te marye ak Mari, Mari se te manman Jezi, Sila a yo rele Kris la.

Gade chapit la Kopi




Matye 1:16
17 Referans Kwoze  

Konsa, lè yo te reyini ansanm, Pilate te mande yo: “Kilès nou vle m lage pou nou? Barabbas, oubyen Jésus ke yo rele Kris la?”


Fanm nan te di L: “Mwen konnen ke Mesye, (sila a ke yo rele Kris la) gen pou vini. Lè L vini, L ap deklare nou tout bagay.”


Lè L te kòmanse ministè Li, Jésus Li menm te nan laj, anviwon trant ane, e selon kwayans moun yo, fis a Joseph, fis a Héli,


Pilate te di: “E kisa pou mwen ta fè avèk Jésus ke yo rele Kris la?” E yo te di: “Krisifye Li!”


Epi tout moun t ap pale byen de Li, e yo te etone akoz pawòl a gras ki ap tonbe soti nan lèv Li. Yo t ap di: “Se pa fis a Joseph la?”


Lè yo te wè Li, yo te etone. Manman Li te di Li: “Pitit mwen, Poukisa Ou trete nou konsa? Gade, papa Ou ak mwen menm te enkyete, e nou t ap chache Ou.”


Li te bay nesans a premye fis li, epi li te vlope Li nan twal pou nouvo ne yo. Li te mete Li nan yon manjwa, akoz ke pa t gen plas pou Li nan otèl la.


a yon vyèj ki te fiyanse a yon nonm ki te rele Joseph, ki te sòti nan desandan David yo. Vyèj la te rele Marie.


Se pa chapant lan, fis Marie a, frè a Jacques, avèk Joses, ak Jude, ak Simon an? Se pa sè Li yo ki avèk nou? E yo te ofanse de Li.


Lè yo fin pati, lapoula yon zanj Bondye te vin parèt a Joseph nan yon rèv. Li te di l: “Leve pran Pitit la avèk manman L epi kouri ale an Égypte. Rete la jiskaske mwen di ou, paske Hérode ap chèche Zanfan sila a pou l ka detwi L.”


A Éliud te vin fèt Éléazar. Éléazar te fè Matthan, e pou Matthan, Jacob.


Simon Pierre te reponn Li: “Ou menm se Kris La, Fis a Bondye vivan an.”


Apre sa, Li te avèti yo pou pa di pèsòn ke se Kris la ke Li te ye.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite