Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 9:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

27 Men Jésus te pran li pa men li, te leve l, e Li te kanpe.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

27 Men Jezi pran men l, li fè l leve. Lamenm, ti gason an kanpe.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

27 Men Jezi pran men jèn gason an pou l ede l kanpe. Epi li kanpe.

Gade chapit la Kopi




Mak 9:27
11 Referans Kwoze  

Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a, ki soutni men dwat Ou, ki di ou, pa pè, Mwen va ba ou sekou.


Men lè foul la te soti deyò, Li te antre, pran men li, e fi a te vin leve.


Jésus te vin kote l. Li te leve li pa men li, epi lafyèv la te kite li. Konsa li te sèvi yo.


Kè Li te vin plen avèk konpasyon. Li te lonje men L, te touche li, e te di L: “Mwen vle. Vin pwòp”.


Li te pran pitit la pa men li, e te di li: “Talita koum” ki vle di “Tifi, Mwen di ou leve!”


An pran mesye avèg la pa men li, Li te mennen l sòti nan vil la. Lè L fin krache sou zye li e mete men L sou li, Li te mande l: “Èske ou pa wè anyen?”


Lè lespri a fin kriye fò, e jete li nan gwo kriz tèrib, li te sòti. Ti gason an te tèlman parèt kon yon kadav, ki te fè pi fò nan yo te di: “Li mouri!”


Lè Li te vini nan kay la, disip Li yo te kòmanse kesyone Li an prive: “Poukisa nou pa t kapab chase l?”


Kòmandan an te pran l pa lamen, e te rale l akote pou mande l an prive: “Kisa ou gen kòm rapò pou ban mwen an?”


Li te sezi li pa men dwat li pou fè l leve. Lapoula, janm li avèk pye l te vin pran fòs.


Li te bay li men li e te fè l leve. Konsa Pierre te rele tout fidèl yo avèk vèv yo e li te prezante li vivan.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite