Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 9:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Jésus te mande papa li: “Depi kilè bagay sa a konn rive li?” Li te di: “Depi li timoun.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

21 Jezi mande papa a: — Depi konbe tan li konsa? Papa a reponn li: — Depi li tou piti wi.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

21 Jezi mande papa jèn gason an: “Depi konbyen tan li konsa?” Papa a reponn li: “Li kon sa depi li te tou piti.

Gade chapit la Kopi




Mak 9:21
15 Referans Kwoze  

Lòm ki fèt de fanm gen vi kout ki plen traka.


paske lòm fèt pou gwo twoub, tankou etensèl dife vole anlè.


Gade byen, mwen te fèt nan inikite, e se nan peche manman m te vin ansent mwen.


Konsa, te gen yon fanm ki te gen yon emoraji pandan douz ane.


Yo te pote gason an kote Li. E lè li te wè L, lapoula lespri a te jete li nan yon gwo kriz. Li te tonbe atè, te kòmanse woule toupatou e kimen nan bouch.


Souvan li konn voye li ni nan dlo, ni nan dife pou l detwi l. Men si Ou kapab fè yon bagay, gen pitye pou nou, e ede nou!”


Alò, fanm sa a, yon fi Abraham, jan li ye a, mare pa Satan pandan diz-uit ane byen long, èske li pa t dwe lage nan chèn sila a nan jou Saba a?”


Konsa, yon fanm, ki te koule san pou plis ke douz lane, men pa t kapab twouve gerizon pa okenn moun,


Pandan Li t ap pase, Li te wè yon nonm ki te avèg depi nesans Li.


Nan Lystre te chita yon sèten mesye, ki pa t gen fòs nan pye li. Li te bwate depi li sòti nan vant manman L, e li pa t janm te mache.


Konsa, yon sèten mesye ki te bwate depi li sòti nan vant manm l t ap pote pa kèk lòt moun. Yo te konn mete l chak jou nan pòtay tanp lan ke yo rele Bel, kote li te konn mande charite a moun ki t ap antre nan tanp yo.


Paske mesye a ki te resevwa mirak sila a, te gen plis ke karant ane.


La li te twouve yon sèten mesye ke yo te rele Enée, ki pa t kab leve sou kabann li depi uit ane, paske li te paralize.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite