Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 9:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Yo te reflechi anpil sou pawòl sa a, e te diskite youn avèk lòt sou sa sa vle di: “leve soti nan lanmò an”.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Yo te kenbe pawòl la sekrè, men yonn t'ap di lòt: — Sa sa vle di menm: leve sòti vivan pami mò yo?

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 Disip yo pa t pale pawòl la, men yo t ap diskite ant yo sou sa Jezi te vle di lè li te pale de “leve soti vivan nan lanmò a.”

Gade chapit la Kopi




Mak 9:10
15 Referans Kwoze  

Frè li yo te fè jalouzi akoz li, men papa li te kenbe pawòl sa yo nan tèt li.


Konsa, Pierre te mennen L akote. Li te di L: “Ke Bondye anpeche sa, Senyè! Sa p ap janm rive Ou.”


Yo te mande Li: “Poukisa skrib yo di ke Élie oblije vini avan an?”


Men yo pa t konprann pawòl sila a, e yo te pè mande L.


Pandan yo t ap desann mòn nan, Li te bay yo lòd pou pa di pèsòn sa yo te wè a, jouk lè ke Fis a Lòm nan ta leve soti nan lanmò.


Nan kòmansman, disip Li yo pa t konprann bagay sa yo, men lè Jésus te resevwa glwa, Yo sonje ke yo te ekri sou Li e ke yo te fè L bagay sa yo.


Anplis, kèk nan filosòf Epikiryen ak Stoyik yo t ap diskite avè l. Kèk t ap di: “Kisa mesye ki renmen pale anpil sa a ta vle di?” Lòt yo t ap di: “Li sanble ke l ap pwoklame kèk lòt kalite dye etranje” —akoz ke li t ap preche Jésus ak rezirèksyon an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite