Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Mak 8:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Yo te rive Bethsaïda. Moun yo te pote bay Li yon mesye avèg e yo te sipliye L pou te touche l.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

22 Apre sa, y'ale Betsayda. Yo mennen yon nonm avèg bay Jezi. Yo mande li pou l te manyen li.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

22 Jezi ak disip li yo te ale nan vil Bètsayida, yon gwoup moun te mennen ba li yon avèg epi yo mande Jezi pou li touche li.

Gade chapit la Kopi




Mak 8:22
14 Referans Kwoze  

Malè a ou menm, Chorazin! Malè a ou menm, Bethsaïda! Si mirak ki te fèt nan nou yo, te fèt nan Tyr ak Sidon, yo t ap gen tan repanti lontan avèk rad sak ak sann.


Konsa, Jésus te fè disip Li yo antre nan kannòt la pou ale devan Li lòtbò vè Bethsaïda, pandan Li menm t ap voye foul la ale.


“Malè a nou menm, Chorazin! Malè a nou menm, Bethsaïde! Paske si mirak ki te fèt nan nou yo te konn fèt nan Tyr avèk Sidon, yo t ap vin repanti lontan sa, e vin chita nan sann abiye ak twal sak.


Yo te ale kote Philippe ki te sòti nan Bethsaïda nan Galilée, e te kòmanse mande li: “Mesye, nou vle wè Jésus.”


Philippe te sòti nan Bethsaïda, vil André avèk Pierre a.


Epi yo te pote bay Li yon paralitik ki te pote pa kat mesye.


Lè Li fin touche men li, lafyèv la te kite l. Konsa, li te leve pou sèvi Li.


Li te touche zye yo e te di: “Ke sa fèt selon lafwa nou.”


Jésus te lonje men Li e te touche l. Li te di l: “Se volonte Mwen; vin pwòp.” Imedyatman lèp la te vin pwòp.


Lè apòt yo te retounen, yo te bay Jésus yon istwa de tout sa ki te rive a. Li te fè yo ale avè L, pou yo fè retrèt vè yon vilaj yo rele Betsaïda.


Yo t ap sipliye L pou yo ta kapab sèlman touche rebò a vètman Li, e tout sila ki te touche L yo te geri nèt.


Paske Li te geri anpil moun, e kon rezilta, tout sa ki te aflije yo t ap peze L pou yo ta kapab touche L.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite