Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 7:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Li te reponn yo: “Byen jis Ésaïe te fè pwofesi sou nou kom ipokrit, lè li te ekri: ‘Pèp sa bay Mwen lonè avèk lèv yo, men kè yo lwen Mwen.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Jezi reponn yo: — Bann ipokrit! Ezayi te gen rezon lè l t'ap pale sou nou, jan sa ekri a: Se nan bouch pèp sa a respekte m, men kè yo byen lwen mwen.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Jezi di yo: “Bann ipokrit! Li parèt klè pou tout moun Ezayi te gen rezon lè l di: Moun sa yo ap fè lwanj pou mwen ak bouch yo, men kè yo lwen mwen.

Gade chapit la Kopi




Mak 7:6
14 Referans Kwoze  

Senyè a te di: “Akoz pèp sa a rapwoche ak pawòl pa yo, e onore Mwen ak lèv yo, men yo retire kè yo byen lwen Mwen, e akoz adorasyon yo pou Mwen fèt pa tradisyon ki aprann pa kè,


Yo vin kote ou jan moun konn vini. Yo chita devan ou tankou pèp Mwen an pou yo tande pawòl ou. Men yo pa fè yo. Paske nan bouch, yo renmen, men kè yo ap kouri dèyè pwòp benifis pa yo.


Si Mwen pa t fè pami yo zèv ke okenn lòt pa t janm fè, yo pa t ap gen peche, men koulye a, yo wè, e yo rayi M, e Papa M tou.


Men Mwen konnen nou, ke nou pa genyen lamou Bondye nan nou menm.


Lè yo pa t dakò youn avèk lòt, yo te kòmanse pati lè Paul te fin pale dènye pawòl sila a: “Lespri Sen an te gen rezon lè l te pale atravè Ésaïe, pwofèt a zansèt nou yo,


k ap kenbe yon fòm sentete, sepandan yo nye pouvwa li. Evite moun konsa yo.


Yo di yo konnen Bondye, men ak zèv pa yo, yo nye Li. Konsa, yo vin detestab, dezobeyisan, e san valè pou okenn bon zèv.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite